Yon veteran lame amerikèn nan, Robert O’Neill, ki se an menm tan yon ansyen manm yon kòmando espesyal, deklare se li ki te touye Osama bin Laden anbabal an 2011 aloske lidè al-Kayda a te kache nan yon katye nan peyi Pakistan. Nan sware jounen jedi 6 novanm 2014 la, nan Eta Tennessee ki nan pati sid Lèzetazini, Misye O’Neill te resevwa gwo aplodisman anvan li te kòmanse yon diskou motivasyon pou yon piblik ki te reyini pou tande li. Bob O’Neill deklare:
« Mwen fyè pou sa m te fè a; men misyon mwen pa pran fen paske tou senpleman mwen kite chandbatay la ... ».
Misye O’Neill fè diskou sa a yon jou apre li te fè laprès amerikèn konnen li te bay bin-Laden 3 bal alòske lidè al-Kayda a te devan kanbann ni nan yon vila nan vil Abbottabad, nan Pakistan. Robert O’Neill kontinye pou l di premye manm kòmando-a ki te rive nan chanm bin Laden nan te tire yon bal ki sanble te rate anvan li menm, O’Neill, te wè lidè rezo teworis la gras ak yon aparèy ki te pèmèt li wè nannuit.
Bèl reyalizasyon Robert O’Neill, kòm manm yon kòmando espesyal lame amerikèn nan, sanble te enspire kèk moun nan piblik la, tankou Tom Bogart ki te pran lapawòl pou fè Misye O’Neill konpliman pou travay li:
« Se yon bèl-bèl bagay pou nou wè tout moun sa yo reyini isit, nan komin nou an, pou yo rekonèt gwo travay ou fè a ; se yon bèl bagay pou nou genyen yon oratè tankou ou kap pale nou de gwo reyalizasyon ou fè a , e kap ede n wè ki leson nou kapab tire chak jou nan bèl akonplisman sa a. »
Gouvènman ameriken an te òganize yon seremoni espesyal pou felisite Robert O’Neill ak lòt manm kòmando delit la pou siksè yo te ranpòte nan misyon yo a. Sepandan, daprè yon kòmandan La Marin de Gè Lèzetazini an –ki prepare sòlda kap patisipe nan misyon espesyal la-- tout manm kòmando sa yo genyen obligasyon pou yo pa bay piblik la detay sou kalite travay yo fè, menm jan yo pa dwe chache rekonesans lasosyete pou avantaj ekonomik ou finansye. Yon lòt manm kòmando a, Matt Bissonnette, ki te patisipe nan misyon an tou, te deja ekri yon liv kote li pale de operasyon an.