Accessibility links

Retou Prezidan Martelly ann Ayiti apre yon Toune sou Kontinan Ewopeyen an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Michel Martelly (Foto achiv)

Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, retounen ann Ayiti e li te gen pou rankontre jounalis yo nan Palè Nasyonal lendi 3 novanm nan pou l bay yon kont randu sou toune li sot fè sou kontinan ewopeyen an kote li te fè kèk rankont ofisyèl nan peyi Lalmay ak Lafrans, dapre yon nòt ki soti nan Biwo Kominikasyon Prezidans la. Kontrèman ak nòt sa a, se pòt pawòl prezidans la, Lucien Jura, ki prezante pwen de près la.

Daprè yon nòt ki sòti nan Palè Nasyonal la, Misye Martelly te kòmanse toune a an Almay kote li rankontre kèk ofisyèl tankou chanselye Angela Merkel. Pandan sejou lidè ayisyen an ann Almay, li te gen okazyon pou l vizite vil Hambourg kote li pran kontak ak reprezantan sektè komès ak endistri a; li envite yo swiv egzanp òm dafè kèk lòt peyi ewopeyen ki deja al envesti ann Ayiti.

An Frans, Prezidan Martelly te rankontre Prezidan François Hollande vandredi 31 oktòb la; 2 lidè yo pale de pwogrè ki fèt ann Ayiti, pwosesis elektoral la, ak kowoperasyon ant 2 peyi yo. Msye Hollande ankouraje kòlèg ayisyen li a kontinye ak seri konsiltasyon l ap fè ak opozisyon an yon fason pou l jwenn yon konpwomi sou dewoulman eleksyon yo.

Plizyè gwoup dwazimen ayisyen ak franse te ekri Prezidan Hollande pou mande l abòde ak Prezidan Martelly dosye dwazimen peyi d Ayiti. Ni Palè Nasyonal la nan Pòtoprens, ni Le Palais de l'Elysée nan vil Pari, pa di si wi ou non dosye sa a te nan sant diskisyon yo.

Prezidan Michel Martelly te pran lapawòl nan katye jeneral UNESCO a, nan vil Pari, nan menm jounen vandredi 31 oktòb la. Samdi 1 Novanm nan, lidè ayisyen an te rankontre ak manm kominote ayisyèn nan an Frans apre li te vizite Fort-de-Joux kote Toussaint Louverture, youn nan ewo endepandans peyi d Ayiti, te mouri nan dat 7 Avril 1803. Prezidan Martelly te pwofite rankont sa a pou l envite dyaspora a envesti ann Ayiti pou ede rekonstwi ekonomi nasyonal la.

Pandan toune prezidan Martelly sou kontinan ewopeyen, li deklare seri konsiltasyon yo pral fini nan mitan mwa Novanm nan. Answit li pral mete yon mesaj devan pèp ayisyen apre li va fin revize ak konseye l yo pwopozisyon diferan sektè fè sou fason yo panse kriz la kapab jwenn yon solisyon. Sou dosye eleksyon yo, Misye Martelly deklare l ap pran yon desizyon definitif apre 12 janvye 2015, dat manda 2èm tyè sena a ap ekspire; men lap pran desizyon sa a si -e sèlman si- sena a pa amande lwa elektoral la.

Yon lòt kote, reyaksyon kontinye tonbe apre vizit konseye Depatman Deta ameriken an, Thomas A Shannon, te fè ann Ayiti nan fen mwa oktòb la pou l mete aksan sou enpòtans eleksyon lejislatif pasyèl yo genyen pou Etazini. Pandan vizit la, Misye Shannon te rankontre ak Premye Minis Laurent Lamothe ki te bay detay sou dispozisyon administrasyon Martelly /Lamothe la déjà pran pou li òganize eleksyon yo --men li atire atansyon sou le fèt ke vòt la pa kapab dewoule toutotan sena a pa amande lwa elektoral la.

Konseye Shannon te rankontre tou ak reprezantan palman an --pami yo kèk manm nan gwoup 6 senatè ki pa vle vote sou amandman lwa elektoral la. Palmantè sa yo fè diplomat la konnen yo pa kapab amande lwa elektoral la san aplikasyon atik 289 konstitisyon 1987 la ki mande pou Konsèy Elektoral Pwovizwa a gen ladan n reprezantan 9 sektè diferan nan sosyete a, olye de reprezantan 3 pouvwa yo. Anfen, Thomas A. Shannon te fè chita-tande ak reprezantan 3 pati politik --Fusion Socio-Democrate yo, Konvansyon Inite Demokratik(KID) ak Òganizasyon Pèp k ap Lite ( OPL)-- plis reprezantan Koferans Episkopal la.

Anfen, Isit Ozetazini, ayisyen-ameriken yo ap pare pou yo vote nan eleksyon mi-manda ki pral dewoule nan jounen madi 4 Nov 2014 la pou eli tout manm chanm Depite a okonplè, yon tyè sena a, gouvènè kèk eta ak otorite gouvènman lokal yo. Nan eta Florid, pa ekzanp, elektè yo ap gen pou vote nan yon eleksyon lokal k ap mete fas-a-fas yon kandida ameriken dorijin ayisyèn ak yon ameriken natif-natal.

XS
SM
MD
LG