Accessibility links

Breaking News

Etazini/Politik : Eleksyon Mi-Manda Trè Zenpòtan pou 2 Chanm Kongrè a


Ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton (nan mitan) avèk Senatè Jeanne Shaheen, yon Demokrat nan Eta New Hampshire (agoch) plis Gouvènè New Hampshire Maggie Hassan nan yon meeting pou re-eleksyon nan vil Nashua, New Hampshire. (Foto: 2 novanm 2014).
Ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton (nan mitan) avèk Senatè Jeanne Shaheen, yon Demokrat nan Eta New Hampshire (agoch) plis Gouvènè New Hampshire Maggie Hassan nan yon meeting pou re-eleksyon nan vil Nashua, New Hampshire. (Foto: 2 novanm 2014).

Ozetazini, nan jounen lendi 3 novam 2014 la e menm pandan tout weekend nan, kandida pou plizyè pòs elektif ap fè efò final yo pou wè si yo va ranpòte eleksyon mi-manda yo (sètadi, eleksyon ki dewoule pandan prezidan ameriken an rive nan mwatye manda li aprè eleksyon prezidansyèl ki te fèt sa genyen 2 zan egzatteman). Kesyon kap poze fwa sa a, se kesyon pou konnen ki pati --Repibliken ou Demokrat-- ki pral kontwole chakenn nan 2 chanm ki fòme kongrè Lèzetazini an pandan 2 dènye ane Prezidan Barack Obama rete pou l fè sou pouvwa a

Dènye opinyon piblik ki fèt pandan kanpay la ap pran fen, montre majorite kous elektoral yo pral fini an favè repibliken yo. Youn nan moun ki konprann reyalite sa a, se yon kandida ki ta vle reprezante Eta Jòji nan Chanm Depite a, demokrat Michelle Nunn. Li rekonèt enpòtans chak vòt genyen nan eleksyon sa a. Madam Nunn deklare :

« Nou vle fè tout moun sonje yo gen pouvwa pou yo fè la diferans nan eleksyon sa a ; pou sa, se pou yo sòti al vote. »

Tou lè 2 pati yo mete deyò nan kanpay la pi gwo non yo genyen a la dispozisyon yo. Bò kote Repibliken yo, pa egzanp, genyen ansyen kandida a la prezidans Mitt Romney; e bò kote Demokrat yo, nou jwenn ansyen Prezidan Bill Clinton ak ansyèn Premyè Dam e Sekretè Deta Hillary Clinton. Prezidan Barack Obama pa tèlman parèt nan kanpay la poutèt li gen yon popilarite kap bese e ki kapab nui kandida demokrat yo. Malgre sa, li te fè yon entèvansyon nan Eta Michigan semèn pase a pou l te mande votan demokrat yo al jete bilten nan eleksyon mi-manda 4 novanm nan. Misye Obama di yo :

« Mwen vle fè nou konnen poukisa nou dwe al vote. Peyi sa a reyalize bon jan pwogrè depi li fin pase pi gwo kriz ekonomik nou konnen nan vi nou. Pandan 4 tran edmi ki pase yo, nou wè biznis ameriken yo kreye plis pase 10 milyon travay. Pandan 6 mwa ki pase yo, ekonomi nou an anrejistre pwogrè ki pi rapid la nan plis pase 10 zan. »

An fèt, Demokrat yo mennen yon kanpay mobilizasyon ki, daprè sa yo di, pral demanti sondaj ki fè konnen Repibliken yo pral ranpòte majorite kous elektoral yo nan fen jounen madi 4 novanm nan. Pandansetan, Repibliken yo montre yo gen gwo konfyans se pou yo viktwa a ap ye. Sepandan, istwa eleksyon Ozetazini montre pati ki gen plis moun ki al vote a, se li menm kap ranpòte mayòl la.

XS
SM
MD
LG