Accessibility links

Breaking News

Konseye Depatman Deta Thomas A Shannon Rive Ayiti Jedi 30 Oktòb la


Konseye Depatman Deta Thomas A.Shannon
Konseye Depatman Deta Thomas A.Shannon

Ann Ayiti, Konseye Depatman Deta ameriken, Thomas A Shannon, vizite Ayiti jedi 30 oktòb la pou demontre sipò Etazini pou eleksyon dewoule alè nan peyi a. Msye Shannon chita pale ak Premye Minis Laurent Lamothe avan li rankontre manm klas politik la, manm palman an ak Kadinal Shibly Langlois pou l ankouraje dyalòg politik pandan l ap mete aksan sou pwogrè nan domèn reskonstriksyon ak devlopman peyi a. Vizit sa a ap fèt nan moman opozisyon an planifye yon manifestasyon ki soti nan Pòtoprens pou ale nan komisarya Omega a nan komin Kafou kote 2 manm opozisyon an, Biron Odigé ak Rony Timothée ki fèmen nan prizon depi dimanch 26 oktòb la.

Nouvèl Ayiti - jedi 30 oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:26 0:00
Direct link

Responsab Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik (MOPOD), Jean Andre Victor, di li espere rankont msye Shannon ap fè sou kriz politik la ap bay rezilta. Irvelt Chery, manm direktwa OPL, ale nan menm sans ak msye Victor pandan li espere vizit la ap pèmèt aktè politik yo jwenn yon antant pou dewoulman eleksyon yo. 2 responsab politik yo di yo pa gen pwoblèm pou rankontre diplomat ameriken an si yo resevwa envitasyon an.

Yon lòt kote, Minis Afè Etranjè Venezuelyen an, Rafael Ramirez, ki t ap vizite Ayiti, retounen nan peyi l apre li finn supèvize pwojè enfrastrikti fon Petwo-Karibe peyi Venezuela tabli ap finanse. 2 peyi yo pibliye yon deklarasyon konjwen kote yo pran angajman pou yo travay ansanm nan enterè youn lòt.

Yon gwoup dwazimen nan Boston, Massachussetts, mande lòt òganizasyon imanitè pou travay ansanm pou jwenn liberasyon militan lapolis te arete pandan yo t ap manifeste kont pouvwa an plas la 17 ak 26 oktòb pase a.

Anfen, nan Mirbalè yon òganizasyon politik di li espere seri konsiltasyon pouvwa egzektif la ap fè ak plizyè sektè nan sosyete a va ede rezoud kriz politik la.

XS
SM
MD
LG