Accessibility links

Breaking News

Ayiti ak Repiblik Dominikèn Pran Angajman pou yo Ranfòse Rapò Komèsyal yo


Gouvènman peyi d Ayiti ak Repiblik Dominikèn pran angajman pou yo amelyore relasyon komèsyal 2 peyi yo epi fasilite envestisman òmdafè youn ap fè lakay lòt la. Ofisyèl 2 peyi yo pran angajman sa a pandan 4èm rankont ayisyano-dominiken wo nivo ki dewoule nan Petionvil jedi 23 oktòb la. Premye Minis Laurent Lamothe ak Minis Afè Etranjè dominiken an, Andres Navarro, te prezide rankont la ki te gen patisipasyon lòt manm gouvènman ak dirijan sektè prive 2 peyi yo. Senatè ak depite ayisyen, reprezantan l’ONU, Unyon Ewop la ak Venezuela te asiste rankont la.

Nouvèl Ayiti -vandredi 24 oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:40 0:00
Direct link

Toujou ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly rekòmanse seri konsiltasyon l ap fè ak klas politik la e ak sosyete sivil la nan kad efò gouvènman n nan ap deplwaye pou l chache rezoud kriz politik la. Jedi 23 oktòb la, sete tou pa ansyen kandida a la prezidans, mèt Jean Henry Céant, pou l te fè chita-tande ak chèf deta a. Misye Céant mete devan lidè ayisyen an yon pwopozisyon an 4 pwen ki, daprè li, kapab sèvi pou rezoud kriz la. Kèk pati nan opozisyon an (tankou MOPOD ak Fusion des Socio-Démocrates) pa vle chita pale ak egzektif la toutotan yon seri kondisyon pa reyini, tankou liberasyon moun yo konsidere kòm prizonye politik ak "yon klima apwopriye pou eleksyon dewoule nan peyi a."

Anfen, direktè Polis Nasyonal la, Godson Orélus, pat reponn envitasyon komisyon jistis ak sekirite sena a te lanse ba li ak kèk lòt responsab wo-plase nan PNH la pou yo tal fè depozisyon sou ensekirite kap ogmante nan peyi a. Dirijan PNH yo te sipoze al eksplike rezon ki fè fòs de lòd yo te gate yon manifestasyon opozisyon an te òganize vandredi 17 oktòb la nan Pòtoprens. Komisyon an re-fikse seyans la pou madi 28 oktòb 2014 la sou demand direktè Orelus.

XS
SM
MD
LG