Accessibility links

Breaking News

Ayiti Prezan nan yon Somè ALBA sou Epidemi Ebola nan Kiba


Haiti map
Haiti map

Yon delegasyon wo nivo ayisyen ki gen nan tèt li Prezidan Michel Martelly, kite Ayiti lendi 20 oktòb la pou l ale nan vil La Avàn, kapital Kiba, pou l patisipe nan yon somè Alyans Bolivaryèn pou Pèp Amerik yo ( ALBA) ap òganize sou epidemi Ebola a. Objektif somè a se pèmèt gouvènman yo travay ansanm pou yo kowòdone efò yo pou konbat yon posib antre epidemi Ebola a nan rejyon an. Ayiti, ki gen yon estati obsèvatè nan òganizasyon an, deja pran yon seri dispozisyon pou anpeche epidemi a antre nan peyi a. Pami dispozisyon sa yo gen siveyans pò ak ayeropò yo mete sou seminè pou pwofesyonèl lasante yo. Premye Minis Laurent Lamothe, premye da m Sophia Martelly ak Minis Sante Piblik la, Florence Duperval Guillaume, twouve yo pami pèsonalite ki fè pati delegasyon an.

Nouvèl Ayiti - Lendi 20 Oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:57 0:00
Direct link

Epidemi Ebola a deja touye plis pase 4 mil moun nan 3 peyi wès-afriken: Liberya, Sierra Leyòn ak Gine. Gouvènman ameriken an depeche tou yon kontenjan militè e li ofri asistans finansye pou kore lit kont maladi a. Gouvènman Kiben an voye nan peyi afekte yo plizyè santèn medsen ak lòt espesyalis nan domèn lasante pou ede bloke pwogrè epidemi an.

Lòt Nouvèl Konsènan Ayiti:

Opozisyon an ap pare pou l òganize plis manifestasyon pou kontinye yon mobilizasyon kont administrasyon Martelly/ Lamothe la. Vandredi 17 oktòb la lapolis te sèvi ak gaz lakrimojèn e ak kanon dlo pou l gaye patizan opozisyon an ki tap manifeste kont gouvènman an nan okazyon komemorasyon 208èm anivèsè asasina Anperè Jean Jacques Dessalines. Senatè Moise Jean Charles, ki pale sou Lavwadlamerik, di òganizatè yo pral diskite ak fòs de lòd yo sou pakou yon manistasyon ki fikse pou dimanch 26 oktòb la.

Paralèlman ak manifestasyon opozisyon an, sipòtè pouvwa an plas la te reyini sou ansyen teren aviyasyon militè Bowen Field (Delmas 2) nan okazyon komemorasyon asasina fondatè nasyon an. Prezidan Michel Martelly ak lòt manm gouvènman an te pwofite okazyon an pou yo distribye kado bay patizan gouvènman an.

Anfen nan Dyaspora a, pi presizeman nan vil Boston, nan Eta Massachussetts, lidè kominote ayisyèn nan resevwa ak satisfaksyon desizyon gouvènman ameriken an pran pou l pèmèt sitwayen ayisyen ki ann Ayiti e ki jwenn apwobasyon Sèvis Imigrasyon Ameriken an, vin tan dokiman rezidans yo Ozetazini apati de kòmansman 2015. Otorite ameriken yo mande moun ki te fè aplikasyon pou manm fanmi yo, rete tann yo resevwa yon lèt sèvis imigrasyon anvan pou yo kòmanse fè preparasyon yo.

XS
SM
MD
LG