Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Prezidan nan Endonezi: Joko Widodo Ranplase Susilo Bambang Yudhoyono.


Prezidan Joko Widodo pandan li tap pwononse diskou prestasoyn sèman li a nan Jakata lendi 20 oktòb 2014 la. Li tounen 7èm prezidan Endonezi. (Foto AP/Dita Alangkara)
Prezidan Joko Widodo pandan li tap pwononse diskou prestasoyn sèman li a nan Jakata lendi 20 oktòb 2014 la. Li tounen 7èm prezidan Endonezi. (Foto AP/Dita Alangkara)

Nan Endonezi, pèp la genyen yon nouvo prezidan : Se Joko Widodo ki prete sèman lendi 20 oktòb 2014 la nan kapital peyi a, Jakarta. Li ranplase Susilo Bambang Yudhoyono e se premye prezidan endonezyen ki pa gen okenn lyen avèk ni elit politik la, ni elit militè a. Nan diskou prestasyon sèman li a, li mande tout sitwayen yo mete yo nan travay pou devlopman peyi a.

«Pou pechè yo, pou travayè yo, agrikiltè ak elvè yo, pou machann yo, sila yo kap vann soup yo, chofè yo, pwofesè lekòl yo, pou plantè yo, sòlda yo, polisye yo, pou antreprenè ak pwofesyonèl yo, map pale pou m di : Ann travay di, zèpòl kont zèpòl, paske moman sa a se yon moman istorik. Nou fèt pou n mete n o-travay ansanm e se pou n travay san pran souf. »

Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, te youn nan pèsonalite entènasyonal ki asiste seremoni prestasyon sèman an, yon siyn ki montre angajman administrasyon Obama a vizavi rejyon Azi-Pasifik la. Daprè kèk otorite ameriken, chèf diplomasi Lèzetazini an gen pou l rankontre ak Misye Widodo e kèk lot lidè azyatik pandan li nan Jakarta a.

Misye Kerry espere li va kapab ankouraje lidè azyatik yo pou yo jwe yon wòl enpòtan nan lit kont estremis islamik yo ak efò pou kontrekare yon kanpay dezenfòmasyon gwoup la ki poze menas kounye a pou Siri ak Irak. Sekretè Deta a gen pou l fè chita-pale ak chèf gouvènman malezyen an, Najib Razak, premye minis Sengapour la, Lee Sien Loong, siltan Brunei la, Hassanal Bolkiah, ak plizyè lòt lidè rejyonal.

XS
SM
MD
LG