Gouvènman prezidan Barack Obama a anonse vandredi 17 oktòb 2014 la "plizyè milye ayisyen ki deja ranpli kondisyon Sèvis imigrasyon Etazini an fikse pral kapab vin viv ak fanmi yo ki deja tabli Ozetazini ann atandan Sèvis Imigrasyon delivre yo viza imigran yo".
Sèvis Imigrasyon ak Sitwayènte Etazini (USCIS, ann angle) Depatman Sekirite Teritoryal (Homeland Security) ki okipe e sipèvize kesyon imigrasyon peyi a di "Pwogram Reyinifkasyon Sou pawòl Fanmi Ayisyèn" nan pral otorize Ayisyen ki resevwa notifikasyon pou fè yo konnen yo ka jwenn viza imigran yo nan yon peryòd 2 zan vwayaje Ozetazini kote yo va vinn rete tann yo resevwa viza yo. Moun sa yo, dapre USCIS, pral resevwa yon kat ki va pèmèt yo travay nan peyi a ann atandan yo jwenn kat rezidans yo.
Chak ane Lèzetazini delivre yon kantite limite viza imigran "reyinifikasyon" lafanmi an e nan kèk ka sitwayen ayisyen li apwouve yo konn rete tann plis pase 10 zan anvan yo resi jwenn yon viza pou yo rantre rejwenn fanmi yo Ozetazini.
Apati ane 2015 kap vini an, Sant Viza Nasyonal Depatman Deta a pral enfòme paran ayisyen k ap viv Ozetazini pou fè yo konnen fanmi yo ki ann Ayiti kapab byen kalifye pou yo vini Ozetazini anvan lontan. Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Ameriken fè remake se sèl moun gouvènman an kontakte ki pral patisipe nan pwogram sa a.
Gouvènman ameriken an ni Depatman Imigrasyon an pa presize konbyen Ayisyen egzateman ki kapab benefisye pwogram nan. Genyen 90 mil Ayisyen ki resevwa apwobasyon pou yo vwayaje Ozetazini e ki toujou ap tann viza imigran yo.