Accessibility links

Breaking News

Avètisman OMS : Maladi Ebola Ap Koze Plis Pwoblèm ann Afrik de Lwès


Pwofesyonèl sante mete rad espesyal sou yo anvan yo antre nan yon sant pou tretman maladi Ebola nan Hastings, vil Freetown, kapital Syera Leyòn. Foto: 15 oktòb 2014.
Pwofesyonèl sante mete rad espesyal sou yo anvan yo antre nan yon sant pou tretman maladi Ebola nan Hastings, vil Freetown, kapital Syera Leyòn. Foto: 15 oktòb 2014.

Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) fè konnen sitiyasyon an ap vin pi grav nan peyi Afrik de Lwès kote epidemi Ebola a ap fè viktim. Ajans Nasyonzini an konsidere transmisyon viris mòtèl sa a ap pwopaje san chanjman nan rejyon an. OMS ensiste sou fason rapid maladi a ap devlope nan peyi Syera Leyòn kote omwen yo rapòte 425 nouvo ka nan 10 jou ki sòt pase yo, tandiske nan peyi Gine, ki tou prè Syera Leyòn, gen yon ogmantasyon nan kantite ka transmisyon viris ki bay Ebola a.

Espesyalis yo espere wè kèk pwogrè nan lit kont maladi a nan semèn kap vini an. OMS pral deklare viris Ebola a pa egziste nan Nijerya ak Senegal si peyi wès-afriken sa yo rive rete 42 jou san yo pa anrejistre okenn ka maladi a (42 jou 2 fwa tan ki nesesè pou yon moun devlope sentòm Ebola aprè li fin trape viris la). Gen apeprè 4 mil 500 moun ki déjà mouri avèk Ebola depi epidemi an te komanse nan fen ane pase a. Viris la ka bay la fyèv, emoraji, vomisman ak dyare e yon moun trape li lè li antre an kontak avek likid ki sòti nan kò yon malad.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, anile divès deplasman li te gen poul fè atravè Lèzetazini pou l mennen kanpay pou kandida nan eleksyon pou manm Kongrè a ki pral dewoule mwa pwochen an, pou l kapab fè yon rankont dijans avèk manm kabinè li a aprè nouvèl yo fin rapote yon 2èm pwofesyonèl sèvis lasante Ozetazini enfekte ak viris Ebola a. Se yon enfimyè ki te vwayaje nan yon avyon komèsyal yon jou anvan li devlope sentòm maladi a.

Responsab yo nan Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi Lèzetazini an, (CDC), di risk pou yon lòt pasaje ki te nan avyon an trape maladi a se yon risk ki limite anpil, puiske pwopagasyon ebola a fèt nan kontak dirèk avek likid ki sòti nan kò yon moun ki enfekte. Malgre risk sa a piti anpil, CDC ak konpayi avyon an di yap chache pran kontak ak tou lè 132 pasajè ki te abò a. Se yon tès medikal ki te fèt nan kòmansman semèn nan, ki te revele enfimyè a gen maladi a. Manmzèl te fè pati yon ekip medikal vil Dallas ki te trete yon sitwayen liberyen, Thomas Eric Duncan, ki te trape ebola; misye te mouri nan dat 8 oktòb pase a.

XS
SM
MD
LG