Ann Ayiti, pòtpawòl Premye Minis Laurent Lamothe la, Michel Brunache, ankouraje sena a amande lwa elektoral la prese prese pou evite yon vid enstitisyonèl apre 2èm lendi janvye 2015. Dapre Misye Brunache, eleksyon lejislatif pasyèl ak lokal yo kapab dewoule nan 3 premye mwa ane 2015 la si sena a vote pou l ratifye dokiman an.
Yon lòt kote, Prezidan Michel Martelly rankontre ak patwon medya yo e ak manm laprès yo nan kad seri konsiltasyon li lanse pou l tande opinyon diferan sektè peyi a sou kriz politik la. Lidè ayisyen an fè konnen l ap fè tout sa li kapab pou l rankontre aklidè 6 pati politik nan opozisyon an ki poze kondisyon pou yo fè negosyasyon avèk li sou kriz la. Chèf deta a di lap pran yon desizyon final sou dosye a apre li va fin tande tout sektè nan sosyete a.
Anfen, gen divizyon nan sosyete ayisyèn nan sou kesyon pou konnen eske ansyen Prezidan Jean Claude Duvalier, ki mouri 4 oktòb 2014 la, merite yon antèman nasyonal ou ofisyèl, oubyen eske Leta ayisyen dwe kite yo antere li kòm yon senp sitwayen. Prezidan Michel Martelly, ki te pale ak laprès nan jounen lendi 6 oktòb 2014 la, fè konnen gouvènman an mande yon ekip legal analize dosye a. Òm politik, analis politik ak militan divès tandans gen opinyon diferan sou pasaj Misye Duvalier sou pouvwa a ant 1971 e 1986. Kesyon ap poze pou mande, pa ekzanp, eske lajistis dwe kontinye ankèt ki kòmanse sou plent yon gwoup sitwayen pote pou di yo te viktim abi sou rejim Duvalier a. Defen lidè a te gen pou l reponn tou akizasyon deske li te mele nan lòt vyolasyon lalwa, tankou koripsyon ak detounnman fon piblik.