Accessibility links

Breaking News

65èm Anivèsè Fondasyon Lachin Kominis – Manifestasyon Kontinye nan Hong Kong


(De goch a dwat) : Zhang Xiaoming, direktè Biwo Lyezon Gouvènman Santral Popilè a nan Hong Kong, Tung Chee-hwa, ansyen administratè jeneral Hong Kong, ak Leung Chun-ying, aktyèl administratè jeneral Hong Kong nan, ap chante im nasyonal chinwa a nan moman yo tap monte drapo Lachin nan.
(De goch a dwat) : Zhang Xiaoming, direktè Biwo Lyezon Gouvènman Santral Popilè a nan Hong Kong, Tung Chee-hwa, ansyen administratè jeneral Hong Kong, ak Leung Chun-ying, aktyèl administratè jeneral Hong Kong nan, ap chante im nasyonal chinwa a nan moman yo tap monte drapo Lachin nan.

Otorite yo nan Hong Kong selebre, premye oktòb 2014 la, 65èm anivèsè fondasyon Lachin kominis nan moman gouvènman an kontinye fè fas ak defi popilasyon an kap manifeste pou mande refòm politik. Yon seremoni kote yo te ise drapo chinwa a dewoule sou plas Bauhinia pou make fèt nasyonal Lachin nan. Anpil elèv ak etidyan te prezan pou yo manifeste kont seremoni sa a kote moun te kapab tande yo ki tap rele chalbari dèyè otorite yo nan moman yon òkès tap entèprete im nasyonal la

Manifestan yo ta renmen pou gouvènman chinwa a chanje plan li genyen pou l òganize eleksyon nan ane 2017 la kote otorite yo vle yon vòt lib, se vre ; men an menm tan tou yo vle fòme yon kimisyon kap la pou chwazi kandida yo. Komisyon an ap gen otorite non sèlman pou li limite kantite kandida yo, men li kapab elimine kèk nan yo si li panse yo pa kalifye.

Nan yon diskou administratè jeneral zile Hong Kong nan, Leung Chun-ying, fè nan okazyon fèt nasyonal la, li di plan elektoral gouvènman an nan Peken prepare a, ap pi bon pase sistèm ki egziste jounen jodi a kote se yon komisyon ki chwazi administratè zile a –administratè a se pi gwo otorite politik nan Hong Kong. Misye Leung di :

« Definitivman, li pi bon pou n genyen sifraj inivèsèl kote pèp la chwazi lidè Ii olye yon lòt sistèm. Definitivman li pi bon pou se 5 milyon sitwayen ki chwazi administratè jeneral la olye se yon komisyon, menm si l gen mil 200 manm. Definitivman li pi bon pou sitwayen yo al jete bilten yo nan yon biwo de vòt olye yo rete lakay yo ap gade nan televizyon yon komisyon mil 200 manm ap jete bilten yo. »

Administratè jeneral Hong Kong nan pat pale dirèkteman de mouvman manifestasyon ki nan lari yo. Sepandan li lanse apèl bay tout sektè nan sosyete a pou l mande yo travay ansanm ak gouvènman an « yon fason pasifik, legal, rasyonèl e pragmatik. »

Nouvèl yo pa rapòte zak vyolans depi dimanch, jou kote lapolis te sèvi ak gaz lakrimojèn nan yon tantativ echwe pou l te gaye foul manifestan yo. Akoz mouvman pwotestasyon an, sèktè komès ak endistri a fèmen pòt li; se menm bagay la tou pou sistèm transpò pa tren ak otobis la.

XS
SM
MD
LG