Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Opozisyon an Anonse yon Manifestasyon Samdi kont Prezidan Martelly


Ann Ayiti, Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD) rejte envitasyon Prezidan Michel Martelly lanse pou gwoup la patisipe nan yon seri konsiltasyon separe pouvwa egzekitif la lanse pou rezoud kriz politik la. Ansyen Depite Serge Jean Louis, pòtpawòl MOPOD, deklare pati a pa opoze l ak lide yon dyalog ak chèf deta a; men kèk tèm referans, tankou posibilite pou prezidan an bay demisyon n, dwe fè pati kalandriye negosyasyon yo.

Prezidan Martelly, ki gen pou l pran lapawòl devan asanble jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an nan New York vandredi 26 septanm 2014 la, di olye pou opozisyon an ap mande demisyonn, yo ta dwe ankouraje e patisipe nan seri konsiltasyon yo. Chèf leta a di pèp la ba li yon manda. Regroupman politik la (MOPOD) anonse pou Samdi 27 septanm nan yon manifestasyon nan vil Kap-Ayisyen pou l kontinye egzije demisyon chèf deta a -yon inisyativ li te lanse depi nan fen ane 2013 la.

Nouvèl Ayiti - jedi 25 septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:36 0:00
Direct link

Nan yon entèviou Premye Minis Laurent Lamothe bay Associated Press pandan li nan New York, kote lap asiste travay asanble jeneral l'ONU an, li deklare "Gwoup 6 senatè ki kenbe peyi a ann otaj e ki anpeche pwosesis elektoral la avanse, pap kapab kontinye blokaj yo a yon fwa mwa janvye 2015 rive, paske manda yo ap pran fen e Prezidan Martelly pral pran responsabilite l an men epi oganize eleksyon nan 3 premye mwa ane a." Dapre konstitisyon amande 1987 la, manda yon tyè Sena a (swa 10 palmantè) ap ekspire nan dat 2èm lendi janvye 2015.

Dirijan pati "Fusion Socio-Democrates" fè konnen yo menm tou, yo pap patisipe nan seri konsiltasyon gouvènman an lanse yo, paske kontak sa yo pa gen yon kalandriye defini epi yo panse Prezidan Martelly kache vrè objektif lap pouswiv ak konsiltasyon sa yo. An tou ka, se pozisyon Enjenyè Rosemond Pradel, ki pataje lide ki fè konprann kontak sa yo se machandiz pou konsomasyon entènasyonal. Òganizasyon Pèp Kap Lite (OPL), li menm, pwopoze pou eli yo konplete manda yo apati de dat yo te prete sèman annatadan eleksyon dewoule nan kòmansman ane 2015 la --si eleksyon lejislatif pasyèl yo pa fèt anvan fen ane 2014 la.

Bò kote pa l, pòt pawòl primati a, Mèt Kedler Augustin, fè konnen okenn sektè pa kapab mete an dout volonte Prezidan Martelly pou l rezoud kriz la. Misye Augustin tap fè kòmantè sou deklarasyon kèk lidè opozisyon an fè pou di seri kontak pouvwa egzekitif la lanse ak divès sektè, se yon inisyativ li pran pou l enpresyone kominote entènasyonal la nan moman lidè ayisyen an tap pare l pou l prezante devan asanble jeneral l'ONU an.

Anfen, Konvansyon Inite Demokratik (KID), li menm, lanse lide pou eleksyon jeneral ta dewoule nan mwa doktòb 2015.

.

XS
SM
MD
LG