Prezidan Barack Obama twouve l nan New York kote li pral parèt devan Asanble Jeneral Nasyon Zini an pou l devlope yon mesaj kap santre sou lit kont militan Gwoup Eta Islamik la. Daprè kèk otorite wo-plase nan gouvènman ameriken an, Misye Obama pral atire atansyon sou efò kap fèt pou bati yon kowalisyon entènasyonal pou konbat gwoup islamik la ki mete men sou yon gwo pati nan peyi Siri ak Irak.
Pi ta nan jounen mèkredi a, lidè ameriken an pral prezide yon rankont Konsèy Sekirite l’ONU an ap mete sou pye e kote manm yo genyen pou yo adopte yon resolisyon sou kantite konbatan etranje ki prale nan rejyon Mwayen Oryan an pou yo pote-kole ak militan teworis yo.
Mesaj Prezidan Obama a nan l’ONU ak rankont Konsèy Sekirite a pral swiv yon operasyon militè kote avyon ak bato de gè Lèzetazini te mete ansanm ak lame kèk peyi nan rejyon an pou yo lanse atak sou pozisyon militan yo nan Siri –atak ki kòmanse madi 23 septanm 2014 la.
Klike sou lyen ki nan mitan atik sa a pou w koute yon repòtaj Jacques Jean-Baptiste ak Ronald César ki kòmanse pa pale de presizyon Prezidan Obama bay sou atak sa yo.