Accessibility links

Breaking News

Chèf Sivil Misyon L'Onu an, Sandra Honoré, Anonse Yon Bon Rediksyon Nan Twoup yo


Yon kamyonèt "pick-up" l'Onu ak solda mentyen lapè Nasyonzini (Foto achiv)
Yon kamyonèt "pick-up" l'Onu ak solda mentyen lapè Nasyonzini (Foto achiv)

Ann Ayiti, Konsèy Sekirite Nasyonzini an ap pare pou l wetire 45 pou 100 nan solda MINUSTAH yo nan peyi a pandan l ap etidye posibilite pou renouvle manda misyon an an oktòb pwochen dapre deklarasyon reprezantan espesyal Sekretè Jeneral l'Onu an, Sandra Honoré.

Madame Honore ki anonse rediksyon sa a, di tou peyi manm l'ONU yo eksprime enkyetid yo fas a sitiyasyon politik la ki twouve l nan yon enpas. Chèf sivil twoup Minustah yo mande aktè politik yo travay ansanm pou eleksyon lejislatif pasyèl yo dewoule nan peyi a nan fen ane 2014 la yon fason pou evite yon vid enstitisyonèl.

Nouvèl Ayiti - vandredi 19 septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:15:24 0:00
Direct link

Yon lòt kote lapolis prezante bilan operasyon li mennen pandan mwa pase a atravè Ayiti. Dapre pòt pawòl enstitisyon an, Garry Desrosiers, fòs de lòd yo arete 84 prizonye ki te sove nan prizon sivil Kwadèboukè a, yo sezi 19 zam avèk 69 kilo mariwana.

Direktè Polis Nasyonal la, Godson Orelus, ansanm ak lòt dirijan wo plase enstitisyon polisyè a, te fè dépozizyon devan Komisyon Jistis ak Sekirite Sena a kote yo anonse mezi yo adopte pou konbat fenomèn ensekirite a.

Sou kesyon edikasyon, Minis edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat, anonse lansman yon kanpay resansman pwofesè ak etablisman eskolè ki egziste sou teritwa nasyonal la.

Anfen, liy ayeryèn American Airlines ap inogire premye vòl komèsyal li nan vil Kap-Ayisyen 2 oktòb 2014. Minis touris la, Stephanie Balmir Villejoint, mande sektè dafè 2ièm pigran vil peyi a pwofite opòtinite sa a pou bay endistri touristik rejyon an jarèt.

XS
SM
MD
LG