Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Gwoup 6 Senatè nan Opozisyon an Rankontre 5 Pati Politik- Mwens Fanmi Lavalas


 Prezidan Ayisyen an Michel Martelly (Foto achiv)
Prezidan Ayisyen an Michel Martelly (Foto achiv)

5 senatè Gwoup G-6 la, ki poze kondisyon avan li amande lwa elektoral la, chita pale ak 5 pati nan opozisyon an eksepte Fanmi Lavalas pou prepare yon fèy dewout pou diskite ak prezidan Michel Martelly nan jefò pou debloke kriz elektoral la. Senatè sa yo dwe rankontre prezidan sena a, Dieuseul Simon Desra, pou mande l ekri pouvwa egzekitif la fikse yon nouvo dat pou yon rankont avèk yo ki pa ta dwe dewoule nan Palè Nasyonal.

Pòt pawòl prezidans la, Lucien Jura, fè konnen prezidan Michel Martelly pa gen pwoblèm pou l rankontre senatè gwoup G-6 la ansanm ak pati politik opozisyon an ki pat patisipe nan negosyasyon akò politik El Rancho a.

Nouvèl Ayiti -Mèkredi 3 Septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:21 0:00
Direct link

Anfen, Direktè Polis Nasyonal la, Godson Orelus, dwe prezante jedi 4 septanm devan jij Lamarrre Belizaire ki envite l vinn eksplike rezon ki fè fòs de lòd pa ekzekite manda "d'amener" kont ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide ki anba akizasyon koripsyon, blanchiman lajan ak trafik dwòg pandan li t ap dirije peyi a soti 2001 pou 2004. Ansyen Prezidan an ansanm ak avoka l yo mande pou chanje jij Belizaire ta dechaje l de dosye a paske, dapre yo, l ap travay pou pouvwa an plas la. Jij Belizaire deja tande plizyè pwòch msye Aristide nan dosye sa a.

XS
SM
MD
LG