« Aksyon efratik konsa pote inyon nan mitan nou kòm yon peyi; sa vin ranfòse fèm volonte nou genyen pou n livre konba kont teworis sa yo. E sila yo ki komèt erè lè yo konprann yo ka fè ameriken mal, pral konnen ke nou menm, nou pa janm bliye e nou genyen bra long. Nou pral jwenn jistis kanmèm kanmèn. »
Bò kote pa l, Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, kondane zak kote militan islamik yo koupe tèt jounalis ameriken an. Daprè Misye Ban, ki tap pale sou dosye a byen bonè mèkredi 3 septanm 2014 la, deklare li kondane zak sa a menm jan li kondane lòt aksyon brtal kote militan yo touye sivil san gade dèyè. Sekretè Jeneral l’ONU an deklare:
“Se yon zak ki totalman innakseptab; aksyon inumen konsa, krim brutal konsa, se krim kont lumanite. Moun ki komèt zak sa yo, se moun yo fèt pou trennen devan lajustis. E efò pou trennen moun konsa devan lajistis fè pati politik Oganizasyon Nasyon Zini.
Steven Sotloff te tonbe anba men militan yo nan mwa out 2013, swa yon lane aprè Etas Islamik la te mete men sou yon lòt jounalis ameriken, James Foley, ki te pèdi la vi li menm jan sa gen plis pase yon semèn. Steven Sotloff tap travay pou Time magazine ak kèk lòt revi ki ekri sou politik entènasyonal.