Accessibility links

Breaking News

Apèl Chèf l’ONU an pou yon Solisyon nan Kriz la nan Ikrèn


Moun, ki kouri pou lagè kap dewoule nan pati lès Ikrèn, ap aplike pou travay nan yon dòtwa kote yo jwenn refij nan vil Krasnoyarsk, nan Larisi. (Foto: 2 sept. 2014).
Moun, ki kouri pou lagè kap dewoule nan pati lès Ikrèn, ap aplike pou travay nan yon dòtwa kote yo jwenn refij nan vil Krasnoyarsk, nan Larisi. (Foto: 2 sept. 2014).

Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, lanse apèl pou l mande yon dyalòg politik ant Larisi ak Ukrèn kòm yon solisyon pou kriz kap devlope nan Ikrèn nan. Misye Ban di:

« Se pou n anpeche sitiyasyon an evolye plis pou l pa tounen yon sitiyasyon ki trè frajil, ki pi frajil toujou. Yon lot fwa ankò, mwen priye lidè pati konsène yo pou yo tabli plis kontak antre yo, dekwa pou yo genyen yon dyalòg politik ki kapab debouche sou yon solisyon politik. »

Sekretè Jeneral l’ONU an lanse apèl sa a pandan li tap fè yon stop madi 2 septanm 2014 la nan peyi Nouvèl Zeland, yon jou aprè lidè separatis pwo-Larisi yo nan Ikrèn, Andrei Pungin, te fè konnen li pare pou l obsève yon seselfe epi diskite sou yon boukantaj prizonye. Misye Purgin te pran lapawòl nan premye seri negosyasyon sou sitiyasyon an nan Ikrèn ki dewoule nan kapital Belaris la, vil Minsk, lendi premye septanm nan. Li se lidè yon rejyon nan Ikèn ki pwoklame tèt li “Repiblik endepandan Donyesk.” Misye Purgin fè konnen:

«Nou vini avèk kèk pwopozisyon ki mande pou n kòmanse yon pwosesis konsiltatif anvan nou rive nan yon pwosesis negosyasyon. Gen anpil pwoblèm ki poze; kesyon 8 ak 9 yo pale de echanj prizonye degè yo, aktivite misyon imanitè yo, elatriye. An 2 mo 3 pawòl, nou dwe genyen yon echanj dokiman ant otorite Ikrèn yo, yon bò, ak reprezantan pa nou yo, yon lòt bò. Nou pral fè yon echanj opinyon kote nap ka tabli kèk kontak antre nou yon fason pou finalman nou tounen 2 gwoup konpayon kap vwayaje ansanm. » ..

Separatis pwo-Larisi yo fè konnen yo dispoze kontinye fè pati Ikrèn si yo genyen plis otonomi.

XS
SM
MD
LG