Accessibility links

Breaking News

Dimansyon Kriz Imanitè a nan Siri Enkyete Oganizasyon Nasyon Zini.


Refijye nan Siri - 29 Out 2014.
Kat sa a montre kote moun deplase nan Siri ak refijye siryen ap viv sou tèritwa nasyonal la e nan peyi etranje.
Refijye nan Siri - 29 Out 2014. Kat sa a montre kote moun deplase nan Siri ak refijye siryen ap viv sou tèritwa nasyonal la e nan peyi etranje.

Oganizasyon Nasyon Zini fè konnen plis pase 3 milyon moun kouri kite Siri akoz Gè Sivil la –yon sitiyasyon ki kreye pi gwo ijans imanitè nan tan modèn nan. Konsta sa a parèt nan yon deklarasyon ajans l’ONU pou refijye a pibliye vandredi 29 out 2014 la.

Daprè dokiman an, yon milyon nan refujye sa yo kite Siri nan 12 mwa ki pase yo sèlman, kote yo tap kouri kite sitiyasyon tèrib, ensipòtab e efrayik ki egziste nan peyi a. Madam Kyung-wha Kang, Asistan Sekretè Jeneral l’ONU pou aksyon imanitè, pale jedi devan Konsèy Sekirite a pou l di vyolasyon dwa moun tounen règ jeneral la nan Siri.

« Misye le prezidan,

Devan yon enpinite total, vyolasyon dwa moun grav tounen règ jeneral la nan Siri. Pati ki mele nan konfli a pa respekte obligasyon yo genyen pou yo pwoteje sivil yo e swiv prensip entènasyonal yo. Yo kontinye komèt kim tèrib kont sivil yo --kit se jenn moun, kit se gran moun aje; kit se fanm, kit se gason. Se pou moun ki komèt krim sa yo rann kont pou zak yo. Li lè, li tan pou enpinite a sispann. »

An plis 3 milyon moun ki kite Siri pou y al viv nan lòt peyi, Nasyon Zini fè konnen 6 milyon 500 mil lòt deplase kite kote yo t ap viv sou tèritwa nasyonal la pou ya l rete nan lòt zòn nan peyi a.

XS
SM
MD
LG