Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Politik ak Diplomasi: Somè Poroshenko-Putin.


Prezidan Belaris la, Alexander Lukashenko (2èm a goch) ap resevwa Prezidan Ris la, Vladimir Putin (agoch), Prezidan Ikrenyen an, Petro Poroshenko (2èm adwat), avèk chèf diplomasi Inyon Ewòp la, Catherine Ashton.
Prezidan Belaris la, Alexander Lukashenko (2èm a goch) ap resevwa Prezidan Ris la, Vladimir Putin (agoch), Prezidan Ikrenyen an, Petro Poroshenko (2èm adwat), avèk chèf diplomasi Inyon Ewòp la, Catherine Ashton.

Daprè nouvèl ki soti Kyèv, kapital Ukrèn, prezidan peyi sa a, Petro Porosheno, ap rankontre madi 26 out 2014 la ak prezidan ris la, Vladimir Putin, nan moman gouvènman an nan Kyèv repete akizasyon deske Moskou ap ankouraje yon rebelyon nan pati lès Ikrèn.

Rankont sa a –kap dewoule nan vil Minks, kapital Belaris, genyen patisipasyon otorite Inyon Ewòp la. Se yon dènye efò diplomatik ki sou pye pou mete fen nan goumen kap dewoule depi 5 mwa nan pati lès ikrèn e ki deja koute lavi plis pase 2 mil moun. Lap fèt tou yon jou aprè Prezidan Poroshenko te pran desizyon pou l disoud palman an epi mande pou eleksyon anvan lè dewoule nan dat 26 oktòb pwochen. Nan yon mesaj televize ki pase atravè tout Ikèn, Misye Poroshenko fè konnen eleksyon antisipe nesesè pou fè netwayaj nan palman an. Misye Poroshenko di:

« 80 pousan sitwayen yo dakò pou n òganize eleksyon antisipe. Se youn nan doleyans pèp la te eksprime nan okazyon sa nou rele « revolisyon pou diyite nou an ». Li klè pèp la lanse yon apèl dyanm, yon apèl solid pou l mande renouvle ekip dirijan kap jere zafè peyi a. Eleksyon se pi bon mwayen pou n fè netwayaj pèp la ap mande a ; e netwayaj sa a fèt pou l kòmanse nan pi gwo kò lejislatif ki egziste nan peyi a. »

Misye Poroshenko kontinye pou l di eleksyon lejislatif ki te dewoule nan lane 2012 la pat ni lib ni onèt. Daprè li, palmantè yo fin pa pèdi konfyans pèp la e li atire atansyon sou lefèt ke gen yon bon kantite depite ak senatè ki apiye separatis pwo-Larisi yo kap goumen kont pouvwa santral la nan pati lès Ikrèn.

XS
SM
MD
LG