Accessibility links

Breaking News

Pap Franswa Kòmanse yon Vizit 5 Jou nan Kore di Sid


Kembang api di atas gedung-gedung di Hong Kong, 1 Januari 2016, untuk menyambut Tahun Baru 2016.
Kembang api di atas gedung-gedung di Hong Kong, 1 Januari 2016, untuk menyambut Tahun Baru 2016.

Pap Franswa fè konnen se dyalòg -e non pa demonstrasyon lafòs san rezilta-, ki ka pote lapè sou Preskil Kore a. Souvren Pontif pale konsa nan moman li tap kòmanse yon vizit 5 jou nan Kore di Sid . Pandansetan, Koredi Nò lanse 5 pwojektil nan lanmè prèske nan moman kote pap la debake nan kapital Kore di Sid la, Sewoul, bonè jedi 14 out 2014 la.

Otorite yo nan depatman defans la nan Sewoul fè konnen pwojektil yo te sòti nan vil Wonsan e yo te kouvri yon distans 220 kilomèt avan yo t al tonbe nan lanmè sou kòt ès preskil la. Pòt-pawòl depatman afè etranjè, Noh Kwang-il, kondane lansman pwojektil sa yo ki raple yon seri tès gouvènman nò-koreyen an te fè deja nan le pase. Misye Noh di :

« Mesaj vizit pap la se lapè ak rekonsilyasyon. Chèf legliz katolik vin preche yon mesaj benediksyon pou pèp k ap viv nan Kore di Sid ak Kore di Nò. Men pwojektil Kore di Nò te deja lanse yo, mete sou 2 lòt lilasne nan jounen vizit pap la, se pa yon bon bagay ditou. Tankou nou konnen sa, itilizasyon misil kout pòte ou byen misil balistik, se yon vyolasyon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an. Nou konsidere aksyon sa a kòm yon pwovokasyon ki dwe sispann imedyatman. »

Pandan vizit 5 jou sa a, Pap Franswa gen pou l patisipe nan yon festival Jenès Katolik yo ap òganize, li pral selebre yon mès pou lapè ak rekonsilyasyon sou Preskil Kore a ki divize e ki chaje ak tansyon akoz mezantant ki egziste ant gouvènman 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG