Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon Rekòmanse ant Izrayèl avèk Hamas


Prensipal negosyatè palestinyen an, Saeb Erekat (goch), ap pale avèk Sekretè Jeneral Lig Arab la, Nabil el-Araby, pandan yon rankont nan Lekèr nan dat 11 out 2014 la.
Prensipal negosyatè palestinyen an, Saeb Erekat (goch), ap pale avèk Sekretè Jeneral Lig Arab la, Nabil el-Araby, pandan yon rankont nan Lekèr nan dat 11 out 2014 la.

Nan Mwayen Oryan an, Izrayèl ak Hamas kòmanse obsève yon nouvo seselfe 72 zèdan, sa ki bay 2 pati yo yon okazyon tou nèf pou yo rekòmanse fè negosyasyon nan vil Lekèr, sou lobedyans peyi Lejip, pou wè si yo va jwenn yon solisyon dirab pou goumen kap dewoule ant 2 kan yo depi yon mwa e ki deja koze lanmò 2 mil moun.

Ayiti-Nouvel
please wait
Embed

No media source currently available

0:00 0:11:55 0:00
Direct link

Se Lejip ki te sèvi kòm medyatè nan negosyasyon ki debouche sou selsefe a byen bonè jodi lendi … Gouvènman ejipsyen an ap resevwa delegasyon 2 pati yo nan Lekèr. Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, fè konpliman pou seselfe a, e li fè konnen li gen yon gwo espwa Izrayèl ak Hamas va antann yo pou yo mete fen nan ataak yo pou byen popilasyon sivil la.

XS
SM
MD
LG