Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Pwopozisyon Sosyete Sivil la sou Manda Ofisyèl Eli yo si Eleksyon pa Dewoule Ane sa a


Lidè Sosyete Sivil la, Pwofesè Rhony Desroches, lanse yon apèl bay palman an pou mande l adopte yon lejislayon ki ta pèmèt ofisyèl eli yo rete nan plas yo jous yo fin pase longè manda lalwa prevwa a. Misye Desroches lanse lide sa a pandan yon rankont avèk yon komisyon sena a kap pwopoze chanjman nan pwojè amandman lwa elektoral la.

Ansyen senatè Edmonde Supplice Beauzile, dirijan "Pati Fusion Socio-Democrates", di li pa dakò pou palmantè yo rete nan pòs yo apre desanm 2014 si eleksyon yo pa dewoule anvan fen ane a. Madan Beauzile ak lidè plizyè lòt pati politik ap travay sou yon pwopozisyon pou wete peyi a nan kriz l ap travèse depi kèk tan deja.

Konseye elektoral Nehemie Joseph, ki t ap pale ak laprès nan Pòtoprens, mande tout pati ki enplike nan pwosesis elektoral la rekonèt dat 26 oktòb pou dewoulman eleksyon yo pa yon dat reyalis, etan done tout travay KEP a genyen pou l fè pou l reyalize eleksyon lib, onèt e demokratik.

Depite Patrick Joseph (PRI: Parelementaires pour Le Renforcement Institutionnel) mande popilasyon an apiye grèv grangou Depite Arnel Belizaire ap fè depi 21 jiyè 2014 la. Objektif grèv la se mande revokasyon Jij Arnèl Alexis Joseph, liberasyon moun ki, daprè Misye Bélizaire, nan prizon pou rezon politik, ak transparans nan depans lajan Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID) mete a la dispozisyon palman an. Depite Joseph di san yon bon jan apui popilè, lap difisil pou kòlèg li kap fè grèv la jwenn satisfaksyon.

Yon lòt kote, asiz kriminèl ki tap dewoule nan Pòdepè, nan Depatman Nòdwès la, pran fen ak kondanasyon 6 akize, 6 liberasyon plis yon ranvwa.

Anfen, sekretè deta ayisyen pou pwodiksyon animal la, Michel Chancy, fè konnen pa gen menas ki poze pou pwodwi avikòl Ayiti ap enpòte yo. Misye Chancy fè deklarasyon sa a nan moman anpil moun gen sè-sote pou epidemi Ebola a, ki frape 4 peyi Afriken, pa antre sou tèritwa ayisyen an. Sepandan, sekretè deta a mande popilasyon an rete veyatif epi swiv konsèy otorite yo.

XS
SM
MD
LG