Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Sena a Pa Vote sou Amandman Lwa Elektoral la Akoz Mank Kowòm


 Sena ayisyen an pandan yon sesyon (Foto achiv).
Sena ayisyen an pandan yon sesyon (Foto achiv).

Seyans ki te sipoze dewoule nan sena ayisyen an jedi 31 jiyè sou amandman lwa elektoral la echwe akoz mank kowòm puiske 7 senatè pat reponn alapèl. Sa gen 4 mwa deja depi chanm depite a te vote pou amande dokiman an.

Yon lòt kote, manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), ki te reyini jedi 31 jiyè a, pat kapab deside si wi ou non yap anile rezilta konkou ki te fèt pou rekrite manm Biwo Elektoral Depatmantal yo (BED) ak Biwo Elektoral Kominal yo (BEK). Enstitisyon an fòme yon komisyon ki gen pou fè sena a rekòmandasyon sou atik ki, daprè yo, ta dwe fè pati amandman lwa elektoral la.

Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal Dayiti a (IGPNH) pibliye yon rapò sou aktivite PNH pandan mwa jiyè 2014 la. IGPNH di l ap tann rapò yon ankèt sou polisye ki ta mele nan zak malonnèt pandan 3 jou Kanaval Dèflè a.

Finalman òganizasyon Le Nord-Ouest Réuni ap reyini kominote ayisyèn nan Long Island, New York, pandan weekend 2/3 out 2014 la pou bay detay sou efò k ap fèt pou devlope rejyon nòdwès peyi d Ayiti. Se 17èm edisyon rande-vou anyèl sa a ki rasanble ayisyen ki sòti toupatou nan dyaspora a e pafwa konpatriyòt ki sòti ann Ayiti. Ane sa a, Primati a nan Pòtoprens voye yon reprezantan, direktè kabinè Pierre Adam.

Klike sou "Koute" pou w swiv detay nouvèl sa yo avèk jounalis Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.

XS
SM
MD
LG