Ayisyen yo patisipe nan kanaval dèflè 3 jou gouvènman an lanse nan Pòtoprens dimanch 27 pou rive madi 29 jiyè a. Tèm kanaval ane sa a rele: "Sela Pou La." Otorite yo seleksyone 12 gwoup mizikal, plis pase yon douzèn bann a pye pou patisipe nan defile a. Prezidan Michel Martelly di li enpòtan pou peyi òganize tip manifestasyon kilitirèl sa yo non sèlman pou atire touris men tou pou bay ekonomi an jarèt.
Sou plan politik Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD) anonse l ap kontinye mobilize pou fòse gouvènman Martelly/Lamothe la aplike atik 289 Konstitisyon amande 1987 la pou eleksyon dewoule nan peyi a. Atik sa a mande pou Konsèy Elektoral Pwovizwa a fòme ak reprezantan 9 sektè diferan olye reprezantan 3 pouvwa yo.
Yon lòt kote 8 moun mouri pou pipiti apre yon kamyon pasaje chavire nan yon mòn tou pre vil Tigwav. Nan vil Mirbalè, yon lidè relijye, ki te pran lapawòl pandan yon fèt patwonal, mande otorite yo pou fè plis efò pou soti popilasyon an nan lamizè.
Finalman nan Orlando, Florid, yon ansyen kandida ala prezidans di li nesesè pou eleksyon yo dewoule nan fen ane a pou renouvle pèsonèl politik la. Ansyen kandida a fè remak sa a nan moman yon gwoup nan opozisyon an ansanm ak yon gwo senatè ap mande aplikasyon atik 289 konstitisyon amande 1987 la ki mande pou KEP a gen reprezantan 9 sektè.
Klike sou "Koute" anlè atik sa a (anba Multimedia) pou tande repòtaj ekip Sèvis Kreyòl la.