Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Akize Hamas Ap Komèt Jenosid nan Gaza


Kèk rezidan palestinyen k ap kite vil Gaza pou evite bonbadman avyasyon izrayelyen an.(16 jiyè, 2014
Kèk rezidan palestinyen k ap kite vil Gaza pou evite bonbadman avyasyon izrayelyen an.(16 jiyè, 2014

Premye minis izraelyen an, Benjamin Netanyahu, deklare militan Hamas yo ap komèt krim lagè lè yo vize dirèkteman plizyè milyon sivil izraelyen ak kout wokèt ya p tire e pa lefèt ya p itilize pwòp popilasyon sivil lakay li kòm boukliye imen.

Nan yon konferans pou laprès msye Netanyahu bay mèkredi 16 jiyè, li lage responsabilite sou Hamas desziyon Izrayèl pran pou l rekoumanse bonbadman li yo nan kanpay lap mennen kont militan kap tire fize nan Gaza sou Eta jwif la, apre Hamas rejte yon pwopozisyon seselfeu a peyi Ejyp. Msye Netanyahu deklare: "Hamas pa konsekan fèmen pòt pou yon solisyon diplomatik. E kòm rezilta li responsab pouswit vyolans lan."

Prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas, dwe rankontre nan vil Lekèr ak prezidan ejypsyen an, Abdel Fattah al-Sissi, pou diskite kouman pou aplike avèk siksè seselfeu Ejip pwopoze a.

Izrayèl te aksepte plan Ejypt la madi 15 jiyè a e ‘l te sispann atak li yo pandan apeprè 6zèd’tan anvan li rekoumanse yo.

Mèkredi 16 jiyè a, Hamas di Lekèr ofisyèlman li pa dakò ak pwopozisyon seselfe a.

XS
SM
MD
LG