Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Nasyonzini Lanse yon Pwogram Asenisman pou Konbat Epidemi Kolera a


Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, vizite fanmi yon viktim maladi kolera a apre l finn lanse yon kanpay sanitasyon tou pre vil Hench, 14 jiyè, 2014.
Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, vizite fanmi yon viktim maladi kolera a apre l finn lanse yon kanpay sanitasyon tou pre vil Hench, 14 jiyè, 2014.

Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, lanse yon pwogram asenisman total kapital nan Las Palmas, tou pre vil Hench, nan Plato Santral la. Objektif pwogram sa a se konbat epidemi kolera a ki depi aparisyonn an 2010 touye plis pase 8 mil 500 moun. Msye Ban pwomèt li pral chache 2 milya 200 milyon dola bò kote kominote entènasyonal la pou elimine kolera a pandan 10 pwochèn ane yo. Chèf òganizasyon entènasyonal la di gen pwogrè ki fèt e nou pral kontinye mobilize tout enèji pou nou libere Ayiti anba maladi a. Pandan vizit sa a, msye Ban Ki-moon te rankontre ak Prezidan ayisyen an Michel Martelly e li bat bravo pou pwogrè ki fèt nan peyi a 4an apre tranbleman'tè janvye 2010 la.

Bò kote pa l, msye Martelly di li te diskite ak sekretè jeneral la retrè twoup Nasyonzini( MINUSTAH) a pati ane 2016, men li di retrè sa a dwe fèt nan lòd pou prezève estabilite peyi a.

Klike sou "koute " agoch atik sa a anba Multimedia pou tande korespondan nou Josue Joseph depi vil Hench

XS
SM
MD
LG