Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Apèl Sena a Pou CSPJ a Nonmen Reprezantan l nan CEP a


Senatè ayisyen yo gen espwa CSPJ (Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a) pap pran tan pou l nonmen yon reprezantan li nan CEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a), yon fason pou debloke pwosesis elektoral la. Senatè Mélius Hyppolite fè yon deklarasyon nan sans sa a pandan li tap abòde dosye a nan jounen mèkredi 2 jiyè 2014 la. Depi kèk tan deja, absans yon reprezantan pouvwa jidisyè a nan konsèy elektoral la reprezante yon koz mezantant ak tansyon nan milye politik yo, nan moman rete mwens ke 4 mwa pou eleksyon yo dewoule (nap raple Akò El Rancho a fikse yo pou 26 obtòb 2014). Senatè Hyppolite lanse lide tou pou KEP a ta relouvri eskripsyon pati politik yo pou yon pi laj patisipasyon nan eleksyon yo.

Yon lòt kote, misyon mentyen lapè Nasyon Zini an (MINUSTAH) òganize yon rankont nan vil Jeremi, nan Depatman Grand-Ans la, pou l bay kandida potansyèl yo konsèy sou fason pou yo evite zak vyolans pandan kanpay elektoral la. Nan òganizasyon ak reyalizasyon rankont sa a, misyon l’ONU an te gen kowoperasyon delegasyon depatman an.

Nan menm jounen mèkredi 2 jiyè a, Premye Minis Laurent Lamothe te fè yon vizit kay Madam Mirlande Manigat pou l prezante kondoleyans gouvènman n nan ak senpati pèsonèl li bay fanmi an ak tout moun lanmò ansyen Prezidan Leslie François Manigat afekte. Misye Lamothe di avèk disparisyon Misye Manigat, Ayiti pèdi youn nan pi gwo gason peyi a janm pwodui. Nan menm jounen an, Madam Manigat te resevwa tou, antwòt, vizit ansyen minis Enfòmasyon ak Kilti, Marie-Laurence Jocelin Lassègue.

Sou menm chapit sa a, pwofesè Patrice Dumont, yon manm wo-plase nan RDNP (Rassemblement des Démocrates, Nationaux Progressistes, pati Prezidan Manigat te fonde a) fè Lavwadlamerik konnen, an plis de seremoni ofisyèl ki pral dewoule nan okazyon antèman nasyonal gouvènman an ap òganize samdi 5 jiyè 2014 la, RDNP ap mete sou pye divès aktivite pou salye depa lidè pati a. Pami aktivite sa yo genyen veye kap dewoule plizyè kote nan peyi a, kote divès moun pral pale de pèsonalite ak reyalizasyon Leslie François Saint-Roc Manigat ; pa egzanp, nan youn nan okazyon sa yo, kèk patisipan pral atire atansyon, antwòt, sou kontribisyon ansyen prezidan an nan devlopman bibliyografi politik e diplomatik peyi d Ayiti.

Klike sou « Koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk Marie-Luce Pierre, Orpha Dessources, Jean Robert Philippe, Rotchild François Jr. ak Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG