Accessibility links

Breaking News

Blokaj Pwosesis Elektoral la, Opinyon Senatè E. Zenny.


Yon manm sena ayisyen an, Edo Zenny (Sidès) mande Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a(CSPJ) akselere pwosesis pou l ranplase youn pami reprezantan li yo nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Palmantè a lanse apèl sa a nan moman CSPJ anonse l ap asepte demand tout sitwayen ki ta renmen reprezante enstitisyon an nan KEP a.

Konseye Elektoral Leopold Berlanger di li swete responsab yo nan CSPJ va swiv palman ayisyen an epi pran desizyon pou l ranplase youn nan manb li genyen nan KEP a, selon akò politik El Rancho a.

Fondasyon Entènasyonal pou Sistèm Elektoral yo (IFES), yon òganizasyon ki baze Ozetazini, mete yon seminè fòmasyon sou pye pou jounalis Ba Plato Santral la ann Ayiti, nan moman peyi a ap pare pou l òganize eleksyon. Nan vil Ti Gwav, Senatè Nippes la, Jocelerme Privert, fè konnen sena a pa responsab blokaj pwosesis elektoral la, men responsablite a tonbe pito sou do yon lòt branch nan pouvwa a. Toujou nan vil Ti Gwav, otorite lokal yo transfere plizyè prizonye nan Pòtoprens akoz kondisyon malouk ki egziste nan prizon yo.

Klike sou « koute » pou w swiv repòtaj Sèvis Kreyòl la pou jounen lendi 30 jen 2014 la.

XS
SM
MD
LG