Accessibility links

Breaking News

Yon Kou dèy sou Kriz Politik la ann Ayiti


Drapo Nasyonal Ayisyen
Drapo Nasyonal Ayisyen

Yon lidè Inisyativ Sosyete Sivil la mande entèvanasyon Prezidan Michel Martelly pou konvenk Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) chanje youn nan reprezantan li genyen nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, jan akò politik El Rancho a prevwa l la.

Premye Minis Laurent Lamothe, an kolaborasyon ak Enstiti Teknoloji Massachussets (MIT) lanse yon pwogram fòmasyon 3 jou pou kad Administrasyon Piblik la.

Komisyon Nasyonal Lit Kont Dwòg (CONALD) òganize, nan jounen jedi 26 jen 2014 la, yon senpozyòm sou tèm “Lit kont Dwòg, ki Lejislasyon?” nan okazyon 25èm jounen entènasyonal lit kont trafik dwòg la.

Otorite dominiken yo ap pare pou yo legalize estati ayisyen ki te pran nesans nan peyi a alòke paran yo te ilegal ou byen ki pa gen dokiman legal. Responsab dominiken yo mande otorite ayisyen yo bay benefisyè yo dokiman idantifikasyon ki nesesè pou pwosesis la kapab avanse.

Lidè RDNP (Ransanblement des Démocrates Nationaux Progressistes), Pwofesè Lesly François Saint Roc Manigat, mouri vandredi 27 jen 2014 la nan Pòtoprens. Li te gen 84an.

Kowòdonatè espesyal Nasyonzini pou kesyon dwamoun nan, Chakola Beyani, pral vizite Ayiti sòti samdi 28 jen pou rive 5 jiyè 2014 la. Misye Beyani ap gen pou l evalye sitiyasyon jeneral dwa moun ki deplase yo.

Klike sou «Koute » pou n tande repòtaj vandredi 27 jen 2014 la. Prezantasyon : jounalis Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.

XS
SM
MD
LG