Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly: Oratè Prensipal nan yon Seremoni nan l’OEA.


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly.
Prezidan ayisyen an, Michel Martelly.

Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, te rive Washington nan sware jounen madi 24 jen 2014 la pou l te patisipe nan yon seremoni remiz diplòm nan Kolèj Entè-Ameriken Defans la ki anba lobedyans Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA).

Prezidan Martelly te sèvi kòm prensipal oratè nan seremoni sa a kap dewoule mèkredi nan katye jeneral OEA a nan Washington. Pami moun ki resevwa diplòm yo, genyen 4 ayisyen : komisè divizyonè James Boyard (PNH), komisè divizyonè Jean Gardy Muscadin (PNH), komisè prensipal Ludwige Bertrand (PNH) ak diplomat Marie-Andrée Brutus-Amy ki se yon konseye nan misyon pèmanan Ayiti nan OEA nan Washington.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj avèk kolaboratè nou Jacquelin Belizaire.

XS
SM
MD
LG