Accessibility links

Breaking News

Ejip-Jistis: Kondanasyon 3 Jounalis pou Swadizan Aktivite Politik


De goch a dwat:, Peter Greste, Mohamed Fahmy ak Baher Mohamed, pandan yo tpa tande desizyon tribinal la an vil Lekèr ann Ejip (Foto: 23 jen 2014).
De goch a dwat:, Peter Greste, Mohamed Fahmy ak Baher Mohamed, pandan yo tpa tande desizyon tribinal la an vil Lekèr ann Ejip (Foto: 23 jen 2014).
Nan peyi Lejip, yon tribinal kondane 3 jounalis chèn televizyon Al-Jezeera ki te anba akizasyon deske yo tap apiye gwoup politik entèdi Fratènite Muzilman an e yo tap sikile fo enfòmasyon, nan yon pwosè ki te pwovoke gwo kondanasyon entènasyonal. Pami jounalis kondane yo, genyen yon sitwayen peyi Ostrali ki rele Peter Greste. Genyen tou kanadyen dorijin ejipsyèn Mohamed Fahmi, epi ejipsyen Baher Mohamed ki, li menm, te deja jwenn yon santans 3 zan prizon pou yon lòt afè.

Anvan tribinal la te anonse vèdik li, premye minis ostralyen an, Tony Abbott, te fè konnen li pale ak prezidan ejipsyen an, Abdel Fattha Al-Sissi, pou l di li sèl sa jounalis Peter Greste tap fè, se tou senpleman ranpli misyon l kòm yon jounalis. Premye Minis Abbott deklare:

« Mwen di Prezidan al-Sissi, an tan ke yon jounalis ostralyen, Peter Greste pa tap defann koz Fratènite Mizilman an. Sa sèlman li tap fè, se fè repòtaj sou Fratènite Mizilman an. Mwen fè prezidan an konnen, a la fen dè fen, yon près ki lib e ki dyanm se yon bon bagay pou demokrasi ; li bon pou la sosyete, li bon pou stablite yon peyi… »

3 jounalis te tonbe anba men lapolis ejipsyèn nan mwa desanm 2013 la nan yon otèl nan vil Lekèr kote yo tap fè travay yo kòm repòtè aprè otorite ejipsyen yo te pran desizyon pou yo fèmen biwo Al-Jezeera genyen nan peyi a. Afè sa a pwovoke gwo kondanasyon sou plan entènayonal la, san bliye pwotestasyon bò kote gwoup kap defann libète laprès yo. Gwoup sa yo lanse apèl bay otorite ejipsyen yo pou mande yo libere tout jounalis yo mete nan prizon epi pèmèt moun egzèse libète lapawòl nan peyi a.
XS
SM
MD
LG