WASHINGTON DC —
Ap gen yon nouvo chanpyon pou Koup di mond FIFA/ Brezil 2014 la apre eliminasyon chanpyon an tit la, Espay . Espayòl yo pèdi 2 a 0 devan Chili nan yon rankont ki te dewoule nan stad Marakana a nan vil Rio de Janeiro nan gwoup B a. Iniesta e Co te pèdu match douvèti a devan La Oland 5 a 1 nan gwoup sa a. La Oland, ki kale Ostrali 3 a 2, ak Chili kalifye pou 8èm de final la k ap kòmanse le 28 jen.
Nan gwoup A a, Kameroun elimine apre defèt li devan Kwasi 4 a 0. Kamerounè yo te pèdi match douvèti a 1 a 0 fas a Meksik. Madi 17 jen, Meksik te rache yon match nil 0-0 nan men Brezil gras ak pèfòmans gadyen Guillermo Ochoa.
Nan klasman jeneral gwoup A, Brezil pataje premye plas la ak Meksik ak 4 pwen yo chak, Kwasi gen 3 pwen epi Kameroun 0 pwen.
Nan pwochen rankont gwoup A ki fikse pou lendi 23 jen a 4 trè apremidi (lè Ayiti) Brezil pral monte teren an devan Kameroun (11 nasyonal brezilyen an bezwen yon viktwa pou li pase nan 2èm tou a), epi Kwasi pral fè fas ak Meksik--Ekip ki kale a ap avanse pou pwochen faz la. Nan gwoup B a, a midi, gen 2 match sou pwogram nan: La Oland kont Chili epi Ostrali kont Espay.