Accessibility links

Breaking News

Oland Kalifye pou 2èm Tou Koup di Mond Foutbòl la


Seleksyon Olandèz la bat Ostrali sou yon skò 3 à 2
Seleksyon Olandèz la bat Ostrali sou yon skò 3 à 2
La Oland se premye peyi ki kalifye pou 2èm tou koup di mond la apre 2èm viktwa li ranpòte nan mondyal Brezil 2014 la. Mèkredi 18 jen an, Olandè yo kale Ostrali 3 a 2 nan Porto Alegre sa ki pèmèt yo travèse nan 2èm faz konpetisyon apre yo te wouze Espay 5 a 1 nan premye match yo nan group B a. Group sa a gen ladann Chili, Espay ak Ostrali.
Defèt ostralyen mèkredi 18 jen an vle di yo mèt kòmanse fè malèt yo pou retounen lakay yo. Ostrali te pèdi match douvèti nan gwoup la devan Chili 3 a 1 vandredi 13 jen nan vil Cuiaba.
XS
SM
MD
LG