Accessibility links

Breaking News

Presyon Sou Seleksyon Nasyonal Brezil la Apre Match nil 0-0 Devan Meksik la


Gadyen Meksiken, Guillermo Ochoa, k ap repouse yon kout tèt Neymar fè nan kan Meksik la
Gadyen Meksiken, Guillermo Ochoa, k ap repouse yon kout tèt Neymar fè nan kan Meksik la
Tansyon ap ogmante sou seleksyon foutbòl Brezil la apre match nil 0 a 0 li fè ak Meksik Madi 17 jen an. Gadyen seleksyon meksiken an, Guillermo Ochoa, sove seleksyon Aztèk la an plizyè okazyon. Pwochen rankont Brezilyen yo pral jwe kont Kameroun lendi 23 jen an se pral yon rankont mò ou vif pou seleçaõ. Bò kote pa yo, meksiken yo gen chans pou yo kalifye pou 2èm tou a si yo kale Kwoasi nan menm jounen an. 2 match yo ap dewoule nan menm lè swa a 4trè nan apremidi pou evite trikaj.

Bò kote seleksyon amerikèn nan, responsab yo ap etidye posibilite pou konnen si wi ou non y ap kite atakan Clint Dempsey mete nan figi l yon mask pou pwoteje nen li ki te kase pandan viktwa 2 a 1 Etazini te ranpòte sou seleksyon Ghana a. Antrenè a, Jurgen Klismann, di Dempsey ap sou teren an avèk ou san mask pwoteksyon nan match devan Pòtigal la Dimanch 22 jen an. Rankont sa a enpòtan ni pou ameriken yo ni pou Pòtigè yo ki te pèdi match douvèti a 4-0 devan Almay.

Yon ankèt Geopoll, yon enstiti ki fè sondaj, reyalize sou koup di mond la, jwenn plis pase 17 milyon adilt nijeryan te swiv nan televizyon match nil 0 a 0 Nijerya ak Iran an. Sondaj la revele plis pase 25 milyon adult nan 5 peyi Afriken: Ghana, Kenya, Nijerya, Tanzanya ak Nijerya te swiv rankont la. 2 milyon 400 mil Ganeyen te swiv defèt ekip yo a devan Lèzetazini konpare a 15 milyon 900 mil ameriken.
XS
SM
MD
LG