Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Prezidan Barack Obama sou Sitiyasyon an nan Irak


Prezidan Obama konfime nouvèl pòtpawòl Depatman Deta a, Jen Psaki, te bay kote li te atire atansyon laprès sou lefèt ke pandan 12 mwa ki pase yo, Lèzetazini pat janm sispann voye asistans bay Irak –èd militè tankou lòt tip asistans. Lidè ameriken an bay pozisyon n sou kriz la nan Irak aprè yon rankont ak premye minis ostralyen an, Tony Abbott.

Misye Obama fè konnen otorite yo nan La Mezon Blanch ap travay 24 sou 24 pou yo konnen ki asistans ki pi nesesè ou ki pi bon pou yo mete a la dispozisyon gouvènman an nan Bagdad. Daprè li, nouvo asistans Lèzetazini an kapab genyen ladan n nenpòt ki kalte èd.

« Mwen pa ekate okenn posiblite, paske nou gen enterè pou n chache gen garanti ke militan radikal sa yo pa jwenn yon pyetatè pèmanan ni nan Irak, ni nan Siri. »

Prezidan Obama kontinye pou l di youn nan defi ki poze jounen jodi a nan Irak, se pou dirijan peyi a devlope yon politik ki gen patisipasyon tout segman etnik nasyon an –Sinit, Chiyit ak Kird. Sepandan, daprè li, pandan 2 zou 3 ane ki pase yo, pa tèlman gen efò ki fèt pou delope konfyans chak nan gwoup sa yo ta dwe genyen nan lòt yo ; antou ka, gouvènman chiyit ki an plas la pa eseye mete bò tab la menm Sinit modere yo ; e se sa ki debouche sou feblès ki bay sitiyasyon kap devlope jounen jodi a.

« Sa kap pase la a ta dwe reprezante yon apèl ki reveye gouvènman irakyen an. Fòk li fè bagay yo yon jan pou Sinit ak Chiyit ki vrèman enterese nan konstriksyon yon Eta kap fonksyone byen, travay pou bay sekirite ak pwosperite ki nesesè pou tout moun ki nan Irak mete tèt yo ansanm e travay aktivman kont ekstremis sa yo. »

Pòtpawòl Depatman Deta a, Jen Psaki, bò kote pa l, di Lèzetazini pral ofri yon asistans dijans pou ede plizyè santèn milye moun ki oblije kouri kite pati nò Irak pou yo pa viktim konfli a.

« Nap bay yon èd anplis kap monte rive 12 milyon 800 mil dola pou òganizasyon entènasyonal ki asosye ak nou e kap travay pou satisfè bezwen moun deplase yo ak sila yo ki viktim konfli a nan Irak. Nouvo èd sa a pral pote yon soulajman rapid gras ak pwovizyon tankou manje, abri, medikaman pou popilasyon moun deplase yo ki pa sispann ogmante nan peyi a. »

Madam Psaki ajoute asistans sa a ap gen ladan n 6 milyon 600 mil dola ki pral ede Wo Komisarya Nasyon Zini pou Refijye a jwenn pwovizyon imanitè esansyèl tankou lenn, dra, tant ak pwodui ijyenik. Lap gen ladan n tou 6 milyon 200 mil dola ki pral jwenn lòt òganizasyon entènasyonal kap ofri manje, dlo pwòp ak swen medikal ijan pou viktim yo.
XS
SM
MD
LG