Accessibility links

Breaking News

25èm. Anivèsè Trajedi Plas Tyananmen nan nan Peken


Plizyè dizèn milye moun patisipe nan yon retrèt o flanbo sou plas Park Victoria nan Hong Kong pou make 25èm anivèsè operasyon sere-boulon ki te fèt sou Plas Tyananmen lan. (Foto: 4 jwen 2014) .
Plizyè dizèn milye moun patisipe nan yon retrèt o flanbo sou plas Park Victoria nan Hong Kong pou make 25èm anivèsè operasyon sere-boulon ki te fèt sou Plas Tyananmen lan. (Foto: 4 jwen 2014) .
Nan Peken, kapital Lachin, lapolis pran pozisyon toupatou sou Plas Tyenanmen nan mèkredi 4 jwen 2014 la, ki se 25èm. anivèsè operasyon sere-boulon lame te lanse kont etudyan ki te rasanble sou plas sa a nan Peken pou reklame demokrasi nan lane 1989. Plizyè santèn etidyan (gen sous ki di plizyè milye) te pèdi lavi yo. Tankou sa fèt depi kèk ane deja, byen lontan anvan anivèsè a, otorite yo te poze arestasyon oubyen plase an rezidans siveye, plizyè douzèn etidyan, jounalis ak avoka militan. Nan jounen madi 3 jwen an, Depatman Deta ameriken an te lanse yon apèl pou l mande gouvènman chinwa a libere militan kap kritike gouvènman an epi bay pèp la pèmisyon pou l fè deba libreman sou sa k te pase sou Plas Tyananmèn nan sa gen 25 kan. Marie Hart, ki se pòtpawòl Depatman Deta a, deklare :


“Nou lanse yon apèl klè pou nou mande otorite chinwa yo libere tout militan, jounalis ak avoka yo mete nan prizon devan anvan 25èm. anivèsè a. Nou pale klèman sou afè sa a. Lachin se yon peyi kap devlope; nou leve vwa nou plizyè fwa deja pou n di li bezwen devlopman nan tout domèn; paske, amezi lap devlope, mwen panse franchman lap nesesè pou responsab yo ouvri espas la pou plis diskisyon, plis deba fèt nan peyi a, e tou espesyalman deba sou anivèsè kalite evennman konsa.”

Pwotestasyon ane 1989 yo te gen patisipasyon sitwayen chinwa ki te sòti nan tout kouch sosyal peyi a –pami yo te menm genyen manm Pati Kominis la. Anpil ladan n yo te pran lari pou yo manifeste mekontantman yo poutèt mank libète lapawòl nan peyi a, inegalite ki tap monte nan sosyete chinwaz la ak koripsyon ki tap vale teren nan mitan gouvènman an.
XS
SM
MD
LG