Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama Anonse yon Asistans ki pa Gen Zam pou Ikrèn

Prezidan Barack Obama ap bay lanmen ak prezidan eli Ikrèn nan, Petro Poroshenko pandan yo tap rankontre nan Varsovi, Polòy,mèkredi 4 jwen 2014 la
Prezidan Barack Obama ap bay lanmen ak prezidan eli Ikrèn nan, Petro Poroshenko pandan yo tap rankontre nan Varsovi, Polòy,mèkredi 4 jwen 2014 la
Prezidan Obama fè konnen lemond fèt pou kanpe bò kote moun kap chèche libète pandan li tap tabli yon paralèl ant refòm kap fèt nan peyi Ikrèn ak eleksyon kap dewoule nan peyi Polòy 25 kan apre evennman ki te make fen sistèm kominis la nan Ewòp de Lès.

Pandan lidè ameriken an tap pale nan yon seremoni ki make Jou Libète a nan Varsovi, li fè konpliman pou premye eleksyon lib ki te dewoule nan Lapolòy an 1989, eleksyon ki dapre li, te debouche sou “yon viktwa lavalas pou libète”. Mesye Obama kontinye pou l di, jounen jodiya mond lib la rete ini kont sa li konsidere kòm taktik fè nwa Larisi ap itilize nan Ikrèn apre Moskou te anekse Preskil Krime a nan mwa mas pase a. Anvan prezidan Obama te fè deklarasyon sa a, li te anonse Lèzetazini pral bay Ikrèn yon asistans ki tap gen zam ladan l pou gouvènman nan Kyèv kapab lite kont separatis pwo-Larisi yo.

Apre vizit Varsovi a, lidè Mezon Blanch la ale nan vil Brusèl, nan peyi Labèljik, kote li pral genyen yon dine travay ak lidè Gwoup G-7 la e yo gen pou rankontre ankò nan jounen jedi 5 jwen an. Lidè yo te prese mete somè sa a sou pye apre yo te deside boykote rankont G-8 la ke Larisi te gen pou l òganize nan vil Sochi semèn sa a menm. Desizyon sa a se yon repons pou aneksyon Preskil Krime a.
This item is part of
XS
SM
MD
LG