Ann Ayiti, negosyasyon ap kontinye ant Pouvwa Egzekitif la ak Sena a mèkredi 4 jwen 2014 la ak objektif pou jwenn yon antant final sou kriz elektoral e politik la. Reyinyon sa a ap dewoule apre yon premye ki te fèt madi 3 jwen an, yon rankont reyisi dapre 2 pati yo. Avan sa te genyen yon rankont ant prezidan Chanm Wot la, Dieuseul Simon Desras, avèk Prezidan Michel Martelly. Konpozisyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) 7 manm nan ak pre-kalandriye elektoral la te sant diskisyon yo.
Ayiti-Jistis : Lajis ouvè yon ankèt kriminèl nan vil Okay
Nan dosye jistis ak ensekite, responsab pouvwa jidisyè a nan vil Okay, nan Depatman Sid peyi a, ap ankete sou 2 asasina ki fèt nan vil la semèn pase yo.Youn nan viktim yo se yon kanbis ki te konn achte e vann lajan ameriken, e lòt la se te yon chofè taksi motosiklèt. 2 ensidan sa yo lage panik nan mitan popilasyon an.
Ayiti-Sante
Vis-prezidan komisyon sante nan Sena a, Dr Francisco De la Cruz, konfime nouvèl ki fè konnen Gran Kò a lanse yon kanpay kont epidemi chikungunya nan Depatman Lwès peyi a. Senatè Plato Santral la presize kanpay sa a mete medikaman gratis ladispozisyon piblik la.
Klike sou "koute" pou w suiv devlopman nouvèl sa yo avèk Marie Luce Pierre, Jean Robert Philippe, Rotchild François Junior ak Jean Hernst Eliscar.