Accessibility links

Breaking News

Meksik Bay Ayiti yon Ed 2 Milyon 500 Mil Dola pou Kore Sektè Lasante a


Ann Ayiti, Anbasadè Meksiken an José Luis Alvaro Gonzalez, remèt gouvènman an yon chèk 2 milyon 500 mil dola nan jounen vandredi 23 me 2014 la. Diplomat Meksiken an, ki remèt chèk la bay Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Florence Duperval Guillaume, te pran lapawòl nan akozyon an pou l pale de kowoperasyon peyi li ak Ayiti an jeneral ak domèn kote Meksiko ranfòse kowoperasyon sa a nan 2 zou 3 ane ki pase yo. Minis Florence Guillame Duperval remèsye gouvènman Meksiken an nan non gouvènman ayisyen an, e li fè konnen lajan an pral sèvi pou enstale pano solè nan lopital La Providence nan Gonayiv e ranfòse rezo elektrik la nan vil sa a.

Yon lòt kote, Minis Duperval Guillaume anonse yon kanpay fimigasyon pou konbat moustik ki bay lafyèv Chikungunya ann Ayiti. Dapre minis la, otorite lasante yo deja idantifye plis pase 5 mil moun ki trape viris Chikungunya a e li bay eksplikasyon sou fason popilasyon an kapab pwoteje tèt li.

Ayiti-Politik : Sou Lil Lagovav, reprezantan sosyete sivil la lanse apèl bay òm politik yo –kit se ofisyèl gouvènman an, kit se lidè opozisyon an-- pou yo chache jwenn antant ki nesesè pou pèmèt eleksyon dewoule nan peyi a anvan fen ane a. Yon lòt kote, reprezantan pati politik OPL (Oganizasyon Pèp kap Lite) fè konnen yo dispoze ale nan eleksyon, men se ak yon konsèy elektoral ki merite konfyans e ki pa anba kontwòl pouvwa egzekitif la.

Klike sou « koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk Marie Luce Pierre, Lyonel Desmarattes, Jean Raude Prézeau epi Jean-Christophe Collègue.
XS
SM
MD
LG