Accessibility links

Breaking News

Nan Ikrèn, Milyadè Petro Poroshenko Ranpòte Prezidansyèl 25 Me 2014 la


Prezidan eli Ikrèn nan, Petro Poroshenko, ap salye patizan l yo nan katye jeneral pati l la nan Kyèv (Foto: 25 me 2014).
Prezidan eli Ikrèn nan, Petro Poroshenko, ap salye patizan l yo nan katye jeneral pati l la nan Kyèv (Foto: 25 me 2014).
Nan Ikrèn, rezilta preliminè ki sòti aprè eleksyon prezidansyèl ki dewoule dimanch 25 me 2014 la, montre milyadè Petro Poroshenko –ki fè richès li nan lavant sirèt chokola e ki se yon ansyen premye minis- pran yon gwo kokenn avans.

An tou ka, nan fen jounen dimanch la, Misye Poroshenko prese kriye viktwa lè previzyon yo te montre li ranpòte 56 pou san vwa yo ; li fè konnen li dispoze negosye avèk Moskou sou sitiyasyon chaje tansyon ki egziste nan pati lès peyi a kote militan pwo-Larisi te òganize yon referendum ki bay 2 rejyon endepandans yo avèk dwa pou yo al fè pati tèritwa nasyonal ris la. Petro Poroshenko di:

“Mwen espere vrèman eleksyn sa a –ki te vrèman lib, vrèman kredib, mete sou gwo patisipasyon pèp ikrenyen an, montre klèman ke Ikrèn dispoze tout bon pou l bati avni li. Mwen panse Larusi, an tan ke vwazen nou, gen enpòtans pou nou; san Larisi, nou pa ka pale de sekirite e defann sekirite nou yon fason efikasi. Sekirite nan tout rejyon an pap posib e m kwè se laverite tou pou sekirite mondyal la.”

Militan pwo-Larisi yo te menase pou yo deranje eleksyon dimanch la, e yo te menm anpeche moun ale nan biwo de vòt yo nan pati lès Ikrèn. Nan vil Donetsk, ki anba kontwòl separatis yo, okenn biwo de vòt pat ouvri, tandiske se 16 pousan popilasyon an ki sòti al vote nan rès rejyon an.
XS
SM
MD
LG