Ann Ayiti, pòtpawòl Premye Minis Laurent Lamothe la, Michel Brunache, di le fèt ke Konsèy Elektoral la manke 2 manm, sa pa vle di li pa kapab fè yon travay efikas, menm jan sena a manke yon tyè manm li yo e lap travay nòmalman depi preske 2 zan.
Misye Brunache tou pwofite pou l eksplike poukisa chèf gouvènman an pat prezante devan Sena a madi 20 me pase a, alòske gran kò a te konvoke li pou l bay eksplikasyon sou bidjè Depatman Planifikasyon ak Kowoperasyon Ekstèn ki anba direksyon li a. Daprè pòtpawòl la, tout ekip teknik depatman an ki travay sou bibjè a te prezan, san bliye sekretè deta a, direktè jeneral la ak direktè jeneral adjwen an. Michel Brunache ajoute : « Si Premye Minis la te prezante, otomatikman sijè a tap debòde e, olye kèk palmantè konsantre yo sou bidjè a, yo tap pwofite pou yo fè politik. »
Yon lòt kote, prezidan Komisyon Jistis Sena a, Pierre Francky Exius, fè konnen kijan li pa kontan deske otorite yo arete e mete nan prizon pòtpawòl gwoupman politik FOPARK la, Rony Timothé, ki se yon potansyèl kandida nan pwochen eleksyon yo. Misye Exius di aksyon konsa pap sèvi pou kreye klima lapè ak konfyans ki nesesè pou eleksyon onèt e kredib dewoule nan peyi a. Daprè li, li pa menm nesesè pou Sena a konvoke minis jistis la, Jean Renel Sanon, pou l bay eksplikasyon sou fonksyonnman lajistis nan peyi a.
Daprè denyè nouvèl ki sòti nan Wo Plato Santral la, ofisyèl lajistis yo anonse otorite yo reprann kontwòl vil Mayisad kote yon foul moun te anvayi epi sakaje yon komisarya polis aprè yon manm polis lokal la te touye ak bal yon nèg ki te anba akizasyon deske li te yon asasen. Ensidan sa a te deranje vi nòmal la nan vil la kote lekòl ak biwo piblik te fèmen.
Yon delegasyon òmdafè ayisyen wo nivo mete fen, nan jounen mèkredi 21 me 2014 la, nan yon vizit 3 jou nan Washington kote yo rankontre plizyè manm Kongrè ameriken an ak reprezantan divès enstitisyon entènasyonal, tankou Bank Mondyal, USAID ak OPIC. Pami yo te genyen Lionel Delatour, konsiltan nan politik piblik e chèf delegasyon an; Georges Sassine, direktè jeneral LAFITO Industrial Free Zone; Frantz Duval, redaktè an chèf jounal Le Nouvelliste; Harry Bretous, pwopriyetè e PDG Les Entreprises Haiti Shipping; Madam José Matthijsse, PDG Brasseries Nationales d’Haiti; Carl Momplaisir, direktè Département des Affaires nan DIGICEL; avèk Hans Van Mameren, konseye nan Heineken, konpayi ki gen plis aksyon nan Brasseries Nationales d’Haiti. Anvan depa yo, kèk manm delegasoyn an te fè yon vizit nan Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.
Youn nan senatè Depatman Nò a, Wesner Policarpe, kritike fason Depatman Sante Piblik ak Popilasyon ap jere epidemi chikungunya kap frape plis moun chak jou nan peyi a. Palmantè a kwè otorite sanitè yo dwe gen yon plan pou yo fè fas ak fleyo sa a. Daprè li, responsab lasante yo ta dwe an mezi pou yo fè popilasyon an konnen ki kote lap jwenn medikaman ki kapab pwoteje l kont maladi a.
Anfen, avoka ayisyano-ameriken Jean-Michel Voltaire te pran nesans nan yon seksyon kominal Depatman Sid la, tou prè Port-Salut. Gras ak efò li fè depi li te rive Ozetazini sa gen 19 lane, li gen ase edikasyon ak eksperyans pou l okipe kounye a fonksyon Asistan-Pwokirè nan Depatman Jistis ameriken an. Sa gen 5 kan li te lanse yon pwojè ki rele « Réunion Sportive d’Haiti » kap ede jenès la nan rejyon Port Salut. Li di VOA poukisa li te panse li nesesè pou l ede rejyon kote li sòti a.
Klike sou “Koute” pou w swiv devlopman nouvèl sa yo --prezantasyon Jacques Jean-Baptiste ak Serge Rodriguez.