Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta John Kerry Kritike Gouvènman Venezuelyen an


Sekretè Deta John Kerry (adwat) ap pale ak tokay meksiken li a, José Antonio Meade, pandan ambasadè ameriken an nan vil Meksiko, E. Anthony Wayne (nan mitan) ap gade.
Sekretè Deta John Kerry (adwat) ap pale ak tokay meksiken li a, José Antonio Meade, pandan ambasadè ameriken an nan vil Meksiko, E. Anthony Wayne (nan mitan) ap gade.


Sekretè Deta amerikenan, John Kerry, ki fè yon vizit mèkredi 20 me 2014 la nan peyi Meksik, kritike gouvènman Venezuelyen an poutèt li pa respekte pwomès li te fè opozisyon an –pami pwomès sa yo genyen youn kote li te pran angajman pou l respekte dwa sitwayen yo pou yo pwoteste nan lapè epi libere sitwayen lapolis te arete pandan mouvman pwotestasyon popilè yo. Misye Kerry di:

“Malerezman nou konstate gouvènman venezuelyen an echwe totalman e li pa rive demontre lap aji ak bòn fwa pou l reyalize sa li te pwomèt pou l fè sa genyen anviwon yon mwa.”

Chèf diplomasi amerikèn nan kontinye pou l di pasyans moun kòmanse rive nan bout li nan sa li konsidere kòm vwazinaj rejyon Amerik Latin nan – e li ensiste pou l di Lèzetazini fè pati vwazinaj sa a.

Prezidan venezuelyen an, Nicolàs Maduro, te pwomèt li ta pral libere manifestan anti-gouvènmantal lapolis te arete yo epi fòme yon komisyon pou mennen ankèt sou responsablite tou lè 2 pati ki te mele nan konfwontasyon pandan dewoulman pwotestasyon yo. Opozisyon an wete kò l nan negosyasyon li tap fè ak gouvènman an paske, daprè lidè li yo, otorite yo pa respekte pwomès yo e manifestan lapolis te arete yo twouve yo nan prizon toujou jiskaprezan.
XS
SM
MD
LG