2 manm Sena Repiblik la ann Ayiti, Fancky Exius ak Stéphen Benoit, di yo pa kontan ditou deske Premye Minis Laurent Lamothe –ki se an menm tan minis planifikasyon ak kowoperasyon ekstèn-- pa onore yon konvokasyon pou l te reponn kesyon sou bidjè depatman ministeryèl ki anba direksyon dirèk li a. 2 palmantè yo --ki tap pale ak laprès nan fen jounen madi 20 me a-- di absans Premye Minis la montre mepri li pou palman an e se yon move egzanp pou manm kabinè ministeryèl la.
Yon lòt kote, gouvènè Eta Florid la, Rick Scott, deside mete majistra North Miami an, amerikèn d’orijin ayisyèn Lucie Tondreau, an sispansyon ann atandan lajistis fè limyè sou akizasyon deske li ta mele nan magouy ki koute Leta ameriken anviwon 8 milyon dola.
Vrèmanvre, Madam Tondreau ak twa (3) lòt moun twouve anba envestigasyon FBI pou sa yo rele “fwod imobilye”, sètadi magouy yo ta fè pou ede moun achte ou vann kay alòs ke achtè yo pa kalifye pou sa.
Aksyon ilegal 3 akize yo ta lakoz yon seri de bank, Leta Florid la ak gouvènman federal Lèzetazini an pèdi plizyè milyon dola. Nan jounen lendi a, ajan FBI te ale lakay majistra a nan kad ankèt la; men Madam Tondreau te vil Las Vegas, nan Eta Nevada, kote li tap asiste yon konvansyon; lè li te retounen nan aswè, li te rann tèt li bay otorite yo akonpaye avoka li. Majistra Tondreau te konparèt devan yon tribinal nan jounen madi 20 me 2014 la, e jij la ba li libète aprè li te peye yon kosyon 50 mil dola. Si lajistis jwenn li menm ak 3 lòt akize yo koupab, yap kondane pou yo remèt lajan yo te fè nan « operasyon majinal yo » epi yap resevwa yon santans maksimòm 20 tan prizon.
Lòt nouvèl konsènan peyi d Ayiti
1.- Doktè Corvil Salomon, chèf sèvis epidemyolojik nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an nan Pòtoprens, fè konnen li posib pou plis moun trape maladi kolera pandan sezon lapli kap vini la a. Doktè Salomon raple piblik la nesetie poul kontinye aplike konsèy ijyèn elemantè yo.
2.- Popilasyon vil Mayisad, nan Wo Plato Santral la, atake yon komisarya polis aprè yon nèg otorite yo te idantifye kòm yon chèf bandi ame, te mouri anba bal yon polisye. Korespondan nou Josué Joseph di nou tout polisye yo te gen tan pati kite komisarya a avan foul la te kòmanse dechouke lokal la.
3.- Ayisyen kap viv a letranje yo --ann Ayiti yo rele yo an jeneral « Dyaspora »-- swete jwe yon pi gwo wòl nan zafè nasyon an, lè w konsidere kontribisyon yo pote nan asyèt ekonomik peyi a. Youn nan Ayisyen sa yo se ekonomis Jacques Jonassaint ki baze Ozetazini e ki pale de “eksklizyon” pou l denonse trètman dyaspora a jwenn abityèlman nan men konpatriyòt kap dirije repiblik la. Daprè li, pou konpatriyòt sa yo, Ayisyen kap viv aletranje yo reprezante yon kantite neglijab e neglije.
Klike sou « koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk Marie Luce Pierre, Pierre-Nazon Beaulière, Josué Joseph e Lyonel Desmarattes.