Accessibility links

Breaking News

R D: Prezidan Danilo Medina, Voye Yon Pwojè-Lwa Bay Palman Dominiken an Ki Retabli Nasyonalite Dominiken Sitwayen Dekrè 168-13 la Te wetire


Minis enteryè Repiblik Dominikèn nan (R.D), Jose Ramon Fadul, depoze jedi 15 me a yon pwojè-lwa prezidan Danilo Medina voye bay chanm depite dominiken an e ki deklare kòm sitwayen dominiken tout moun ki te pran nesans nan peyi panyòl ki posede dokiman tankou ak de nesans, katdidantite ki anrejistre nan rejis eta sivil repiblik la, kat inivèsite, e ki te tonbe anba dekrè 168-13 Tribinal Konstitisyonèl R.D.

Dekrè sila a, ki te parèt nan mwa oktòb 2013, pa rekonèt ankò kòm Dominiken sitwayen ki te pran nesans nan R.D apre ane 1929 si paran yo te antre san papye legal, dapre Konstitisyon janvye 2010 la ki pa rekonèt dwa di sòl la (Jus Soli) ankò pou etranje ki pitit imigran ilegal, etranje ki antranzit ak diplomat.

Desizyon sa a te pwovoke anpil polemik nan Repiblik Dominikèn, nan peyi Dayiti ak nan Kominote entènasyonal la, patikilyèman Ozetazini, Kanada ak nan Amerik Latin nan. Li te kreye tou anpil tansyon, non sèlman ant sitwayen Dominiken ak imigran ayisyen kap viv legalman ou ilegalman sou tèritwa dominiken an, men ant Pòtoprens ak Santo-Domingo ki wè relasyon yo degrade seryezman depi piblikasyon dekrè a ki penalize, dapre responsab ayisyen yo, sitou Dominiken ki se desandan imigran ilegal ayisyen.

Rete kounye a pou Chanm Depite dominiken an apwouve pwojè-lwa a e pou li voye l bay Sena a pou apwobasyon. Si 2 Chanm yo apwouve li prezidan Danilo Medina va siyen l pou fèl antre anvigè kòm lwa peyi a.
Korespondan sèvis Kreyòl la nan Repiblik Dominikèn Edouard St-Jean kwè genyen anpil chans pou depite ak senatè yo apwouve pwojè-lwa misye Medina a paske se Pati li a, Pati Liberasyon Dominiken an (PLD) ki genyen majorite nan tou 2 chanm nan, epitou li te fè konsiltasyon ak sektè opozisyon an yo anvan l te deside prezante mezi a pou deba ak apwobasyon nan palman an.

Klike sou ikòn ki agoch atik sa a, anba tit MULTIMEDIA, pou n koute repòtaj Edouard St-Jean an
XS
SM
MD
LG