Accessibility links

Breaking News

Ikrèn/Politik : Konsèy Prezidan Ris la, Vladimir Putin, pou Separatis yo


Prezidan Larisi a, Vladimir Putin
Prezidan Larisi a, Vladimir Putin
Nan Ikrèn, Premye Minis Arseny Yatseniuk, akize prezidan ris la, Vladimir Putin, deske li pa di laverite lè li fè konnen Moskou mande militan separatis nan pati lès Ikrèn pou yo ranvwaye yon referendum ki fikse pou dimanch kap vini la a sou kesyon pou konnen eske kèk rejyon nan pati sa a ap rete nan Ikrèn oubyen pral fè pati tèritwa nasyonal Larisi. Kesyon kap sou bilten vòt yo se: Eske ikrenyen ki nan rejyon Donetsk yo vle kreye ou non sa ki ta tounen “yon Repiblik Donetsk popilè endepandan”.

Misye Putin --ki pran lapawòl mèkredi 7 me 2014 la sou dosye a-- lanse apèl bay Ikrenyen konsène yo pou l mande yo ranvwaye referendum nan. Lidè ris la lanse apèl sa a pandan li tap fè yon rankont ak prezidan Oganizasyon pou Sekirite ak Kowoperasyon an Ewòp la (OSKE). Li fè konnen li mete demand la devan Ikrenyen yo yon fason pou l kreye kondisyon ki nesesè pou yon dyalòg dewoule ak gouvènman an nan Kyèv. Misye Putin deklare:

« Nou panse bagay ki pi enpòtan an, se kreye kondisyon pou yon dyalòg dirèk e ouvè dewoule ant otorite yo nan Kyèv avèk reprezantan rejyon oryantal Ikrèn nan.”

Yon pòtpawòl separatis yo nan pati lès Ikrèn fè konnen li menm ak kòlèg li yo byen apresye apèl Prezidan Putin nan; sepandan, desizyon final la rete nan men pèp rejyon Donetsk la. Non pòtpawol la se Alexander Kofman ki pale nan non Mouvman Popilè Rejyon Sidès Ikrèn nan. Misye fè konnen:

« Avèk tout respè nou genyen pou Prezidan Putin, se kominote teritoryal popilè yo sèlman ki gen responsablite pou deside si wi ou non nou dwe ranvwaye referendum nan. »

Bò kote pa l, premye minis pwovizwa ikrenyen an, Arneny Yatseniuk, deklare apèl Prezidan Vladimir Putin nan, se yon aksyon li poze pou l fè pwopagann e pwopagann sèlman; sa pa gen okenn rapò ak nesesite yon dyalòg ant pati konsène yo nan Ikrèn. Misye Yatseniuk di :

«Vladimir Vladimirovitch, ou pa gen okenn rezon pou wap bay manti konsa, espesyalman lè w se prezidan yon si gwo peyi. Pou sa k konsène swadizan apèl Moskou lanse pou l mande ranvwaye yon referendum ki ta fikse pou dat 11 me a, mwen vle di pa gen pyès referendum ki fikse pou dat sa a. Men, si separatis yo, ki gen apui Larisi, resevwa lòd pou yo ranvwaye yon bagay ki pa egziste, se yon afè ki konsène yo… »

Nan menm mesaj Prezidan Putin voye bay popilasyon kap viv nan pati lès Ikrèn nan, li di pou la premyè fwa li panse eleksyon prezidansyèl ki fikse pou dat 25 me pwochen an, se yon pa nan bon direksyon an.
XS
SM
MD
LG