Accessibility links

Breaking News

Tayland-Politik : Yon Tribinal Mande Demisyon Premye Minis Yingluck Sinawatra


Premye Minis Taylandè a, Yingluck Shinawatra (adwat) ak Vis Premye Minis la, Surapong Tovichakchaikul (Foto achiv).
Premye Minis Taylandè a, Yingluck Shinawatra (adwat) ak Vis Premye Minis la, Surapong Tovichakchaikul (Foto achiv).
Nan Tayland, tribunal konstitisyonèl la pase lòd bay Premye Minis Yingluck Shinawatra pou l bay demisyon l sou akizasyon deske li te komèt abi-d-pouvwa lè l te pran yon desizyon ki plonje peyi a plis toujou nan yon kriz politik.

Tout manm Tribinal la, ki baze nan capital la, Bangkòk, pran desizyon mèkredi 7 me 2014 la pou di desizyon Madam Yingluck te pran, nan lane 2011, pou l remete nan plas li chèf sèvis sekirite nasyonal la, sete yon desizyon ilegal. Anpil nan manm kabinè ministeryèl la --ki sanble te konplis nan desizyon 2011 la-- resevwa lòd tou pou yo kite pòs yo. Madam Yingluck –ki se premye fanm ki monte nan plas chèf gouvènman an nan Tayland-- te defann tèt li devan tribinal la madi; Men li pa fè okenn deklarasyon sou desizyon tribinal la
XS
SM
MD
LG