Accessibility links

Breaking News

Vizit Enspektè Entènasyonal nan Sit Nikleyè Iran yo

Yon enspektè non-idantifye Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la (AEEA) ap koupe koneksyon ant 2 kaskad iranyòm anrichi nan yon enstalasyon ki nan vil Natanz, sou yon distans 322 kilomèt o sid kapital la, Teyeran.

Iran anonse enspektè Nasyon Zini pral vizite 2 sit nikleyè peyi a semèn sa a, nan kad aplikasyon yon akò sou aktivite nukleyè nan Iran. Ajans ofisyèl iranyen an --ki tap abòde dosye a yè dimanch 4 me 2014 la-- fè konnen enspektè yo pral kapab vizite yon min iranyòm ak yon enstalasyon kote iranyen yo trete iranyòm nan 2 vil ki nan mitan peyi a.

Se konsa tou, gouvènman iranyen an fè konnen li bay l’ONU enfòmasyon òganizasyon an te mande sou detonatè ki ta kapab sèvi nan preparasyon yon bonm nikleyè. Teyeran presize avèk vizit sa a, Iran fin respekte tout angajman ki te pase nan mwa novanm 2013 la ant li-menm ak Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la (AEEA).
XS
SM
MD
LG