Nan moman li vin pi fasil ke jamè pou yon moun mete enfòmasyon deyò atravè lemond –e sitou nan yon moman kote genyen plis mwayen pou travay sa a fèt- yon rapò ki fèk parèt fè konnen operasyon sere-boulon kont libète laprès pa janm sispann.
Vrèmanvre, Freedom House --yon òganizasyon kap defann demokrasi e ki pa la pou fè benefis-- pibliye yon rapò kote li di libète laprès te anba gwo atak atravè lemond pandan 12 mwa ki pase yo e li tonbe nan nivo ki pi ba a nan 10 zan. Ou jwenn operasyon sere-boulon ki fèt kont medya yo nan kèk peyi kote, sa gen 2 zou 3 ane sèlman, moun te kapab konstate pwogrè.
Rapò a di jounen jodi a, se preske tout kote nan lemond li vin difisil pou moun jwenn enfòmasyon. Dapre Freedom House, se tout kote atravè planèt la egzèsis libète laprès ap fè bak. Direktè pwojè oganizasyon an, Karin Karlekar, pale pou l di pandan ane 2013 la, libète medya yo te bese anpil e sou chak gwoup 6 moun nan lemond, se youn sèlman ki te gen aksè ak yon près lib. E nan tout peyi kote egzèsis libète laprès fè bak, gouvènan yo pat aji pou kont yo pou yo sere boulon jounalis ; paske, te gen chanjman nan tèt medya yo, e chak fwa chanjman sa yo te fèt, sa te gen move konsekans sou libète repòtè yo pou yo te fè travay yo kòmsadwa, akoz presyon nouvo pwopriyetè medya yo tap fè sou yo
Rapò a pale de sitiyasyon an nan peyi tankou Kore di Nò, Iran ak Siri, kote yo touye jounalis oubyen kidnape yo. Pi chanjman negatif yo fèt nan rejyon Mwayen Oryan an an jeneral, kote, an tèt de lis, nou jwenn peyi Lejip, avèk yon gouvènman kap fonksyone ak apui lame e kap mate jounalis seryezman, ki sible yo, menase pou jije yo e mete yo nan prizon.
Nan rejyon Amerik Latin nan, nan 5 kan se premye fwa egzèsis libète laprès tonbe nan yon nivo ki ba konsa. An tèt de lis genyen Venezuela kote gouvènman an sere boulon laprès pout]t repòtaj jounalis yo fè sou mouvman pwotestasyon anti-gouvènmtantal yo. Daprè Freedfom House, se sèlman 2 pousan nan tout moun kap viv nan Amerik Latin nan ki se sitwayen yon peyi kote laprès ap fè travay li an tout libète; 67 pousan peyi yo jwenn nòt ki di « laprès lib an pati sèlman», tandiske 31 pou san jwenn yon kanè ki fè konnen yo se peyi ki pa genyen libète laprès ditou.