Accessibility links

Breaking News

« Pèsonn pa ka vyole teritwa l’OTAN an. Nou pare pou n defann chak pous kare tèritwa sa a. » Mesaj Sekretè Deta Kerry pou Kremlen an.


Militan ame ki maske ap fè pòs bò yon barikad tou pre vil Slovyansk, nan pati lès Ikrèn (Foto: Mèkredi 30 avril 2014). Lapolis a fòs sekirite yo pa kapab kalme tansyon an kap monte nan 2 rejyon sou fwontyè peyi a ak Larisi --pafwa mem, lapolis kowopere.
Militan ame ki maske ap fè pòs bò yon barikad tou pre vil Slovyansk, nan pati lès Ikrèn (Foto: Mèkredi 30 avril 2014). Lapolis a fòs sekirite yo pa kapab kalme tansyon an kap monte nan 2 rejyon sou fwontyè peyi a ak Larisi --pafwa mem, lapolis kowopere.
Nan Ikrèn, plizyè santèn militan pwo-Larisi pran daso divès biwo Leta nan kèk vil ki sou frontyè peyi a ak Larisi. Youn nan vil sa yo se Luhansk kote militan yo mache pran biwo komisè gouvènman an ; donk yo okipe pakè a. Daprè otorite lokal yo, lapolis pat entèveni e temwen yo di militan ame ise drapo ris la nan vil la ki genyen 450 mil abitan.

Nan Washington, Sekretè Deta John Kerry lanse apèl bay Larisi pou made l “kite Ikrèn trankil.” Misye Kerry lanse apèl sa a nan yon diskou li fè devan manm yon gwoup ki rele Konsèy Atlantik Non-Gouvènmantal. Li akize Moskou deske lap eseye chanje panorama sekirite a nan Lewòp de Lès. Misye Kerry deklare :

« Ansanm nou dwe kontinye bay Ikrèn sipò dyanm nap ba li a e nou kapab fè sa atravè asistans ekonomik; nou kapab fè sa atravè apui nou pou eleksyon lib e onèt, pou refòm nan kontitusyon an, pou efò kap fèt pou konbat koripsyon. Sa ki pi enpòtan toujou, ansanm, nou dwe pale klè pou n di Kremlen an pèsonn pa kapab vyole teritwa l’OTAN an. Nou pare pou n defann chak pous kare tèritwa sa a. »

Chèf diplomasi amerikèn nan lanse apèl bay eta-manm l’OTAN yo pou l mande yo kontinye pran angajman kredib pou yo ogmante depans militè alyans la pandan 5 kan kap vini la yo.
XS
SM
MD
LG