Accessibility links

Breaking News

Kriz nan Ikrèn - Prezidan Obama Kritike Larisi


Yon patizan rapwochman ak Larisi ap pase devan yon pòs polis ke militan okipe nan vil Luhansk, nan pati lès Ikrèn. (Foto: 24 avril 2014).
Yon patizan rapwochman ak Larisi ap pase devan yon pòs polis ke militan okipe nan vil Luhansk, nan pati lès Ikrèn. (Foto: 24 avril 2014).
Prezidan ameriken an, Barack Obama, ki tap pale ak jounalis yo nan Tokyo, pandan yon vizit lap fè o Japon, deklare Larisi pa respekte akò li te siyen nan vil Jenèv, nan peyi Laswis, pou l kolabore nan efò kap fèt pou elimine kriz la nan Ikrèn; lidè ameriken an ajoute li pa gen espwa non plis otorite ris yo pral kowopere. Misye Obama di:

“Jiskaprezan, an tou ka, nou pa wè yap chache aplike ni lespri, ni lèt akò Jenèv la. Olye de sa, sa nou kontinye wè, se yon seri de nèg ame e mechan kap mache okipe biwo Leta, kap nui e kraponnen moun ki pa dakò ak aksyon yap poze yo, e kap destabilize rejyon an. Nou pa wè Larisi fè anyen pou l anpeche yo fè sa.

Misye Obama kontinye pou l di otorite yo nan Ikrèn pran dispozisyon ki nesesè pou yo fè egzatteman sa yo te pwomèt nan akò Jenèv la. Pami aksyon yo pran yo, genyen amnisti yo ofri militan separatis pwo-Larisi ki pran daso biwo gouvènman an nan pati lès Ikrèn.

Pandansetan, minis enteryè ikrenyen nan, Arsen Avakov, deklare lapolis rive fè separatis ki an favè Larisi kite biwo lakomin nan, nan vil Mariiupol nan pati lès peyi a. Nan yon anons Misye Avakov poste sou paj Facebook li jedi 24 avril la, li fè konnen otorit vil la lib kounye a pou yo retounen nan travay yo. Li pa bay okenn detay sou fason lapolis te rive reprann lokal lakomin nan; men li di operasyon an pa fè okenn viktim.

Otorite ikrenyen yo fè konnen di yo relanse sa yo rele “yon operasyon anti-teworis” kont patizan ame Larisi ki okipe kèk biwo Leta nan apeprè yon douzèn vil. Separatis yo ap mande òganizasyon yon referendum sou kesyon pou konnen si yap separe avèk Ikrèn pou y al fè pati Larisi.
XS
SM
MD
LG